1 Tesalonicenses 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
9Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
12Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.
Viv nan lapè avèk youn lòt.
14Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
16Se pou nou rejwi nou tout tan. 17Priye san rete. 18Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
19Pa etenn Lespri Sen an. 20Pa meprize pawòl pwofetik yo. 21Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22e evite tout kalite mal.
23Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
25Frè m yo priye pou nou.
26Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27Mwen bannou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.
28Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.

¿Sabías que…?
Despiertos para el Día del Señor
- Este capítulo dice que el Día del Señor vendrá como ladrón en la noche y que la destrucción llegará de repente, como dolores de parto, mientras la gente dice: “Paz y seguridad”. Llama a los hermanos hijos de la luz e hijos del día, y los exhorta a no dormir como los demás, sino a permanecer despiertos y sobrios.Fuentes: el propio texto bíblico
- A quienes pertenecen al día se les pide que sean sobrios y se pongan la coraza de la fe y del amor y el casco de la esperanza de la salvación. El capítulo dice que Dios no los destinó a la ira, sino a obtener la salvación por medio del Señor Jesucristo, quien murió para que, despiertos o dormidos, vivan juntos con él.Fuentes: el propio texto bíblico
- Las palabras finales piden a los hermanos que reconozcan a quienes trabajan con diligencia entre ellos, presiden sobre ellos y los instruyen, teniéndolos en la más alta estima por su trabajo. Se les exhorta a amonestar a los indisciplinados, animar a los desalentados, ayudar a los débiles, ser pacientes con todos y no devolver mal por mal. También se les dice que no apaguen el Espíritu ni traten las profecías con desprecio, sino que prueben todas las cosas, saluden a todos los hermanos con un beso santo y hagan que esta carta sea leída a todos los hermanos.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org