Nations Bible

1 Samuel 8

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël. 2Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan Beer-Schéba. 3Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.

4Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan Rama. 5Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.” 6Men bagay la te degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.”

Samuel te priye a SENYÈ a. 7SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo. 8Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou. 9Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen prensip a wa ki va renye sou yo a.”

10Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a pèp la ki te mande li pou yon wa a. 11Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, yo va kouri devan cha li. 12Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo. 13Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje. 14Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo. 15Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo. 16Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li. 17Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li. 18Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”

19Sepandan, pèp la te refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou, 20pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”

21Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a. 22SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”

¿Sabías que…?

Israel exige un rey

  • Samuel nombró a sus hijos, Joel y Abías, como jueces en Beerseba, una antigua ciudad en el extremo sur de la Tierra Prometida. Su conducta corrupta, al aceptar sobornos y pervertir la justicia, generó un profundo descontento que impulsó a los líderes a exigir un cambio de gobierno.Fuentes: el propio texto bíblico · Joel · Abiah · Beersheba
  • Los ancianos acudieron a Ramá, en la región montañosa de Efraín, para pedirle a Samuel un rey que los gobernara como a las naciones vecinas. A Samuel le disgustó la petición, pero el SEÑOR le explicó que el pueblo estaba rechazando Su reinado divino y no solo a Samuel.Fuentes: el propio texto bíblico · Ramah
  • Samuel advirtió solemnemente al pueblo sobre las pesadas cargas que traería una monarquía. Les explicó que el rey reclutaría a sus hijos para carros de guerra y tropas militares, emplearía a sus hijas como perfumistas y cocineras, y confiscaría diezmos de cosechas, rebaños y tierras.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 8

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.