Nations Bible

1 Samuel 27

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout tèritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.” 2Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la. 3Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la. 4Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.

5Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?” 6Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a. 7Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te 1 nan, kat mwa.

8Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la. 9David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.

10Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?”

Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.” 11David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’”

12Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

David en territorio filisteo

  • Para escapar definitivamente de la persecución del rey Saúl, David buscó refugio al otro lado de la frontera, en la ciudad filistea de Gat, junto a Aquis hijo de Maoc, llevando consigo a sus seiscientos guerreros y a sus dos esposas, Ahinoam de Jezreel y Abigaíl de Carmel.Fuentes: el propio texto bíblico · Achish · Gath · Ahinoam
  • David solicitó un poblado periférico en lugar de habitar en la ciudad real filistea, por lo que Aquis le otorgó Siclag, en el Neguev. David y su gente vivieron allí durante un año y cuatro meses, estableciendo una posesión que más tarde perteneció a los reyes de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Ziklag · Achish
  • Desde Siclag, David realizó incursiones contra pueblos nómadas del desierto del sur en dirección a Shur y Egipto, como los amalecitas. No dejaba supervivientes que pudieran revelar sus objetivos, lo que hizo creer al rey Aquis que atacaba a sus propios compatriotas en el Neguev de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Shur · Achish

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 8
  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 10

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.