1 Samuel 13
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Saül te gen trant ane lè l te kòmanse renye, e li te renye pandan karann-de ane sou Israël.
2Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo. 3Jonathan te frape pòs militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.” 4Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape pòs a Filisten yo, e osi ke Israël te vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal. 5Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven. 6Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo. 7Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble. 8Alò li te tann pandan sèt jou, selon tan fikse pa Samuel la; men Samuel pa t vini Guilgal, e pèp la t ap gaye kite li. 9Konsa, Saül te di: “Mennen ban mwen ofrann brile avèk ofrann lapè.” Epi li te ofri ofrann brile yo.
10Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li. 11Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?”
Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch, 12pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.”
13Samuel te di a Saül: “Ou te aji nan foli. Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan. 14Men koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.”
15Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te anviwon sis-san mesye. 16Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch. 17Epi ravajè yo te sòti nan kan Filisten yo an twa konpayi yo. Yon konpayi te vire nan sid vè Ophra vè peyi Schual. 18Yon lòt konpayi te vire vè Beth-Horon, e yon lòt konpayi te vire vè lizyè ki kouri anwo vale a nan Tseboïm vè dezè a. 19Alò, nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.” 20Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li. 21Frè sèvis la te de tyè sik pou lam cha a, pou pikwa a, fochèt la, rach la e pou ranje wou yo. 22Konsa sa te rive ke nan jou batay la ke ni nepe, ni fwenn pa t twouve nan men a okenn nan moun ki te avèk Saül ak Jonathan yo. Men yo te twouve sèlman nan men Saül ak Jonathan.
23Epi ekip pòs militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch.

¿Sabías que…?
La impaciencia de Saúl y la amenaza filistea
- Los filisteos mantenían un monopolio sobre la metalurgia para evitar que los israelitas forjaran armas. Por ello, los israelitas debían acudir a los filisteos y pagar tarifas para afilar sus herramientas agrícolas de hierro, por lo que solo Saúl y su hijo Jonatán poseían espadas o lanzas.Fuentes: el propio texto bíblico
- Frente a una abrumadora fuerza filistea, Saúl esperó siete días en Gilgal a que Samuel ofreciera sacrificios. Al ver que sus atemorizados soldados comenzaban a dispersarse, Saúl ofreció el holocausto por sí mismo, lo que llevó a Samuel a declarar que su dinastía real no perduraría.Fuentes: el propio texto bíblico · Gilgal
- El enfrentamiento militar tuvo lugar en la accidentada región montañosa de Benjamín, con las fuerzas filisteas acampadas en Micmas y los hombres de Saúl apostados en Geba. Un escarpado desfiladero conocido como el paso de Micmas separaba a los dos ejércitos.Fuentes: el propio texto bíblico · Michmash · Geba
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 7
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 7
- Beth-horon · Hoy: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · versículo 18
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org