Nations Bible

1 Samuel 10

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a? 2Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan tèritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”

3Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa mòso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven. 4Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de mòso pen, ke ou va aksepte nan men yo.

5Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize. 6Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun. 7Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.

8“Epi ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.” 9Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a. 10Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo. 11Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”

12Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: “Èske Saül, osi pami pwofèt yo?” 13Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.

14Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?”

Epi li te di: “Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”

15Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”

16Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.

17Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa. 18Li te di a fis Israël yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’ 19Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”

20Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò. 21Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l. 22Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?”

Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”

23Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li. 24Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.”

“Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”

25Alò, Samuel te pale pèp la règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo. 26Anplis Saül te ale lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li. 27Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La Unción y Proclamación de Saúl

  • Para confirmar la unción privada de Saúl, Samuel predijo tres encuentros específicos: dos hombres junto a la tumba de Raquel en Zelzah, tres hombres en la encina de Tabor y un grupo de profetas tocando instrumentos en Guibeá de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Tabor (Plain) · Zelzah
  • Samuel convocó a las tribus en Mizpa, una colina alta en el territorio de Benjamín usada tradicionalmente para grandes asambleas nacionales, donde la tribu de Benjamín y el clan de Matri fueron elegidos por sorteo.Fuentes: el propio texto bíblico · Mizpah · Matri
  • Aunque Saúl era una cabeza más alto que todo el pueblo, se escondió entre el equipaje hasta que una consulta al Señor reveló su ubicación ante la multitud.Fuentes: el propio texto bíblico · Saul

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 18
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 27

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.