1 Pedro 4
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. 5Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
6Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
7Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye. 8Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
15Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay; 16Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.
17Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
18Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
19Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòm yon Kreyatè Fidèl.

¿Sabías que…?
Una prueba de fuego y una manera distinta de vivir
- El capítulo dice que los lectores ya pasaron tiempo suficiente en el pasado siguiendo los mismos deseos que los gentiles: libertinaje, lujuria, borracheras, orgías, juergas e idolatría detestable. El tiempo que les queda en la tierra no debe vivirse para las pasiones humanas, sino para la voluntad de Dios, y esas personas encuentran extraño que no se lancen con ellas en el mismo torrente de indiscreción desenfrenada y los cubren de insultos.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo pide a los lectores que no se sorprendan por la prueba de fuego que ha venido sobre ellos, como si ocurriera algo extraño, sino que se alegren de participar en los sufrimientos de Cristo. Sufrir como asesino, ladrón, malhechor o entrometido se distingue de sufrir como cristiano: en ese caso no deben avergonzarse, sino glorificar a Dios por llevar ese nombre. Quien es insultado por el nombre de Cristo es llamado bienaventurado, porque el Espíritu de gloria y de Dios reposa sobre él.Fuentes: el propio texto bíblico
- Porque el fin de todas las cosas está cerca, el capítulo exhorta a tener la mente clara y a ser sobrios para poder orar y, sobre todo, a un amor profundo que cubre multitud de pecados, junto con una hospitalidad ofrecida sin quejas. Cada uno debe usar el don que ha recibido, como buen administrador de la multiforme gracia de Dios: quien habla, que hable como quien transmite las palabras de Dios; quien sirve, que sirva con la fuerza que Dios provee.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org