1 Reyes 5
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske Hiram te konn toujou zanmi David. 2Epi Salomon te voye kote Hiram pou di: 3“Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li. 4Men koulye a, SENYÈ a te ban m repo tout kote. Nanpwen advèsè ni malè. 5Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’ 6Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.”
7Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.” 8Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an. 9Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.”
10Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo. 11Salomon te bay Hiram ven-mil barik nan ble a kòm manje pou lakay li ak ven barik nan lwil bat la. Konsa Salomon te bay Hiram ane pa ane. 12SENYÈ a te ba li sajès, jis jan ke Li te pwomèt li a. Epi te gen lapè antre Hiram avèk Salomon e yo de a te fè yon akò.
13Alò, Wa Salomon te fè kòve obligatwa soti nan tout Israël la. Kòve fòse yo te konte trant-mil moun. 14Li te voye yo nan Liban, di-mil moun pa mwa, yon ekip apre lòt ak de mwa lakay. Adoniram te chèf sou ouvriye kòve yo. 15Alò, Salomon te gen swasann-di-mil transpòtè ak katre-ven-mil ki t ap taye wòch nan mòn yo. 16Anplis, Salomon te gen twa-mil-twa-san depite an chèf ki te sou pwojè a. Yo te chèf dirijan sou moun ki t ap fè travay yo. 17Alò, wa a te pase lòd pou yo te tayegwo wòch yo, wòch chè pou poze fondasyon kay la ak wòch taye. 18Konsa, moun Salomon ki t ap bati yo, moun Hiram ki t ap bati yo, epi Gibliyen yo t ap koupe yo e prepare bwa yo ansanm ak wòch yo pou bati kay la.

¿Sabías que…?
Preparativos para el templo
- El rey Hiram de Tiro, una importante ciudad marítima fenicia, mantuvo relaciones pacíficas con David y formalizó un tratado con Salomón. A cambio de madera de cedro y ciprés del Líbano transportada por mar en balsas, Salomón abastecía anualmente a la casa de Hiram con grandes cantidades de trigo y aceite puro de oliva.Fuentes: Hiram · Tyre · el propio texto bíblico
- Para preparar los materiales del templo, Salomón recurrió a la destreza maderera de los sidonios. Constructores de Tiro y de Gebal —antigua ciudad costera fenicia conocida por los griegos como Biblos— trabajaron junto a los israelitas en la cantera cortando grandes piedras labradas y preparando la madera.Fuentes: Gebal · el propio texto bíblico
- Salomón organizó una inmensa fuerza de trabajo, reclutando a 30.000 israelitas que servían en el Líbano en turnos rotativos de 10.000 hombres al mes bajo la supervisión de Adoniram. Además, 70.000 cargadores y 80.000 canteros laboraban en las montañas, dirigidos por 3.300 capataces.Fuentes: Adoniram · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 1
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 6, 9, 14
- Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 9
- Gebal · Hoy: Byblos · 34.119, 35.646 · versículo 18
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org