1 Reyes 22
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Twazan te pase san gen lagè antre Syrie avèk Israël. 2Nan twazyèm ane Josaphat a, wa Juda a te desann kote wa Israël la. 3Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: “Èske nou konnen ke Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap fè anyen pou rache li nan men wa Syrie a.” 4Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?”
Josaphat te di a wa Israël la: “Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.” 5Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè demann premyèman selon pawòl SENYÈ a.”
6Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?”
Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”
7Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a ki la pou nou kab mande li?”
8Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.”
Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”
9Wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Mennen byen vit Michée, fis a Jimla a.”
10Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 11Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’” 12Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa e t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e byen reyisi; paske SENYÈ a va mete li nan men wa a.”
13Mesaje a ki te ale rele Michée te pale li. Li te di: “Koulye a, gade byen, tout pawòl a pwofèt yo favorab anvè wa a. Souple, kite pawòl ou yo fèt tankou pawòl a youn nan yo, e pale avèk favè.”
14Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.”
15Lè li te vin kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe fè bak?”
Konsa, li te reponn li: “Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a.”
16Alò, wa a te di li: “Konbyen de tan èske mwen oblije di ou pou pa pale anyen avè m sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
17Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
18Epi wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?”
19Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li. 20SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”
21Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.”
22SENYÈ a te di li: “Kijan?”
Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.”
Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.” 23“Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.”
24Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
25Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.”
26Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e retounen li vè majistra lavil la ak Joas, fis a wa a, 27epi di li: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.”’”
28Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: “Koute, tout pèp nou an!”
29Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 30Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la.
31Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”
32Konsa, lè kapitèn a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Anverite, sa se wa Israël la,” epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye fò. 33Lè kapitèn a cha yo te wè ke li pa t wa Israël la, yo te rale bak e te sispann swiv li. 34Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: “Retounen fè bak e retire mwen nan batay la, paske mwen blese byen sevè.” 35Batay la te boule rèd pandan jou sa a. Yo te soutni wa a pou l kanpe nan cha li devan Siryen yo, e nan aswè, li te mouri. San te soti nan blesi a pou l antre nan enteryè cha a. 36Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan lè solèy kouche a. Yo te di: “Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l.”
37Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie. 38Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, selon pawòl SENYÈ a te pale a.
39Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 40Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li.
41Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la. 42Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a. 43Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo. 44Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la.
45Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, avèk pwisans ke li te montre ak jan li te fè lagè, èske yo pa ekri nan liv Kwonik a Wa a Juda yo? 46Retay a sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te fè ekzile yo sòti nan peyi a. 47Alò, pa t gen wa nan Édom. Se yon depite ki te wa. 48Josaphat te fè bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber. 49Alò, Achazia, fis Achab la, te di a Josaphat: “Kite sèvitè mwen yo ale avèk sèvitè ou yo nan bato yo.” Men Josaphat pa t dakò. 50Konsa, Josaphat te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere avèk zansèt li yo nan vil a papa li a, David e Joram, fis li a, te renye nan plas li.
51Achazia, fis a Achab la te devni wa nan plas li. 52Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li, nan chemen manman l ak nan chemen Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a. 53Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.

¿Sabías que…?
Profecía y la Batalla en Ramot de Galaad
- Cuando el rey Acab reunió a unos cuatrocientos profetas que predijeron unánimemente la victoria en Ramot de Galaad, el rey Josafat pidió consultar a otro profeta del SEÑOR. Micaías, hijo de Imla, fue traído de la prisión y reveló una visión celestial que explicaba cómo un espíritu de mentira había llenado la boca de los profetas de Acab.Fuentes: Micaiah · el propio texto bíblico
- Ramot de Galaad era una ciudad de refugio al este del Jordán que Acab intentó recuperar del rey de Aram. Aunque Acab entró en la batalla disfrazado de soldado común para protegerse, fue herido de muerte cuando un arquero enemigo disparó una flecha al azar entre las junturas de su armadura.Fuentes: Ramoth-gilead · Ahab · el propio texto bíblico
- La alianza de Josafat con Acab marcó un cambio importante que involucró a Judá en los conflictos militares del reino del norte. Más adelante en su reinado, Josafat construyó una flota de barcos mercantes en Ezión-guéber para buscar oro, pero las naves naufragaron antes de zarpar, y él rechazó una expedición marítima conjunta propuesta por Ocozías, hijo de Acab.Fuentes: Jehoshaphat · Ahaziah · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 1, 3, 11, 31, 35
- Samaria · 32.276, 35.195 · versículos 10, 37, 38, 51
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 42
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 47
- City of David · 31.774, 35.236 · versículo 50
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org