Nations Bible

1 Crónicas 7

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Alò, fis a Issacar yo se te kat: Thola, Pua, Jaschub avèk Schimron. 2Fis a Thola yo te Uzzi, Rephaja, Jeriel, Jachmaï, Jibsam ak Samuel, chèf lakay zansèt pa yo a. Fis a Thola yo te mesye gwo kouraj nan jenerasyon pa yo; fòs kantite yo nan jou a David yo te venn-de-mil-sis-san. 3Fis a Uzzi a te Jizrachja. Fis a Jizrachja yo: Micaël, Abdias, Joël, Jischija; tout nan senk sa yo se te moun chèf yo te ye. 4Avèk yo pa jenerasyon pa yo selon lakay zansèt pa yo, te trann-si-mil sòlda nan lame pou fè lagè, paske yo te gen anpil madanm avèk fis. 5Fanmi pa yo pami tout fanmi a Issacar yo te mesye gwo kouraj, anrejistre selon zansèt pa yo; antou, katre-ven-mil sòlda.

6Fis a Benjamin yo se te twa: Béla, Béker avèk Jediaël. 7Fis Bela yo te senk: Etsbon, Uzzi, Uziel, Jerimoth avèk Iri. Yo te chèf lakay zansèt pa yo, mesye ak gwo kouraj e yo te venn-de-mil-trant-kat anrejistre pa zansèt pa yo. 8Fis a Béker yo: Zemira, Joasch, Éliézer, Eljoénaï, Omri, Jerémoth, Abija, Anathoth avèk Alameth; tout nan senk sa yo te fis a Béker. 9Yo te anrejistre pa zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, ven-mil-de-san mesye ak gwo kouraj. 10Fis a Jediaël la: Bilhan. Fis a Bilhan yo: Jeusch, Benjamin, Éhud, Kenaana, Zéthan, Tarsis ak Achischachar, 11Tout sila yo te fis a Jediaël, selon chèf a lakay papa yo, di-sèt mil-de-san mesye ak gwo kouraj ki te prè pou sòti fè lagè avèk lame a. 12Schuppim avèk Huppim te fis a Ir yo; Huschim te fis a Acher a.

13Fis a Nephthali yo: Jahtsiel, Guni, Jetser avèk Schallum, fis a Bilha yo.

14Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad. 15Makir te pran yon madanm pou Huppim ak Schuppim. Non a sè li a te Maaca. Non a dezyèm fis la te Tselophchad; epi Tselophchad te gen fi. 16Maaca, madanm a Mamakir a te fè yon fis e te rele li Péresch; non a frè li a te Schéresch e fis pa li yo te Ulam avèk Rékem. 17Fis a Ulam la te Bedan. Sila yo te fis a Galaad, fis a Makir a, fis a Manassé a. 18Sè li, Hammoléketh te fè Ischhod, Abiézer ak Machla. 19Fis a Schemida yo te Achjan, Sichem, Likchi ak Aniam.

20Fis a Éphraïm yo: Schutélach; Béred, fis pa li; Thachath, fis pa li; Éleada, fis pa li; Thachath, fis pa li; 21Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo. 22Papa yo, Éphraïm te kriye pandan anpil jou e fanmi li te vini rekonfòte l. 23Epi li te vin antre nan madanm li, li te vin ansent, li te fè yon fis e li te bay li non Beria, akoz malè ki te rive lakay li a. 24Fi li a se te Scheera, ki te bati ni ba ni wo Beth-Horon, avèk Uzzen-Schééra. 25Réphach, fis li a ak Rescheph; Thélach, fis li a; Thachan, fis li a; 26Laedan, fis li a; Ammihud, fis li a; Élischama, fis li a; 27Nun, fis li a; Josué, fis li a. 28Tèritwa pa yo avèk anplasman pa yo te Béthel avèk vil pa li yo ak nan lès Naaran; nan lwès, Guézer avèk vil pa li yo, Sichem avèk vil pa li yo, jis rive Gaza avèk vil pa li yo e Sichem avèk vil pa li yo jis rive nan Ayya avèk vil pa li yo, 29epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv fis a Joseph yo, fis a Israël a.

30Fis a Aser yo: Jimna, Jischiva, Jischvi ak Beria; avèk Sérach, sè yo. 31Fis a Beria yo: Héber avèk Malkiel, ki te papa a Birzaith. 32Héber te vin papa a Japhleth, Schomer avèk Hotham ak Schua, sè yo. 33Fis a Japhleth yo: Pasac, Bimhal ak Aschvath. Sila yo se te fis a Japhleth yo. 34Fis a Schamer yo: Achi, Rohega, Hubba ak Aram. 35Fis a Hélem yo, frè li a: Tsophach, Jimna, Schélèsch ak Amal. 36Fis a Tsophach yo: Suach, Harnépher, Schual, Béri, Jimra, 37Betser, Hod, Schamma, Schilscha, Jithran ak Beéra. 38Fis a Jéther yo: Jephunné, Pispa ak Ara. 39Fis a Ulla yo: Arach, Hanniel ak Ritsja. 40Tout sila yo te fis a Aser, chèf lakay zansèt pa yo, mesye byen chwazi, byen fò e plen ak kouraj, chèf an tèt sou chèf yo. Epi non pa yo anrejistre selon zansèt pa yo, pou sèvis lagè te venn-si-mil òm.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Genealogías de las tribus del norte

  • La genealogía de Efraín destaca a una mujer llamada Seera, a quien se atribuye la edificación de Bet-horón la de arriba y la de abajo, así como de Uzén-seera. Estos asentamientos estratégicos se ubicaban a lo largo del paso montañoso que descendía hacia la llanura costera.Fuentes: Beth-horon · Uzzen-sheerah · el propio texto bíblico
  • Una breve narración relata que los hijos de Efraín, Ézer y Elead, fueron asesinados por los habitantes de Gat durante un intento de apoderarse de ganado. Efraín guardó luto por muchos días antes de que sus parientes fueran a consolarlo, y a su siguiente hijo le puso por nombre Bería a causa de la tragedia.Fuentes: Gath · el propio texto bíblico
  • El capítulo rastrea la línea de descendencia de Efraín hasta Josué, hijo de Nun, ubicando al destacado líder de la conquista dentro de su ascendencia tribal junto a figuras como Elisama y Amiud.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Lower Beth-horon · Hoy: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · versículo 24
  • Upper Beth-horon · Hoy: Beit Ur al Fauqa · 31.886, 35.114 · versículo 24
  • Gezer · Hoy: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · versículo 28
  • Shechem · Hoy: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · versículo 28
  • Megiddo · Hoy: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · versículo 29
  • Taanach · Hoy: Tell Ta’anakh · 32.522, 35.219 · versículo 29

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.