Nations Bible

1 Crónicas 26

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Pou divizyon gadyen pòtay yo, te gen nan Koreyit yo; Meschélémia, fis a Koré a, fis a Asaph yo. 2Meschélémia te gen fis: Zacharie, premye ne a, Jediaël, dezyèm nan, Zebadia, twazyèm nan, Jathiel, katriyèm nan, 3Élam, senkyèm nan, Jochanan, sizyèm nan, Eljoénaï, setyèm nan. 4Obed-Édom te gen fis: Schemaeja, premye ne a, Jozabad, dezyèm nan, Joach, twazyèm nan, Sacar, katriyèm nan, Nethaneel, senkyèm nan, 5Ammiel, sizyèm nan, Issacar, setyèm nan, Peulthaï, uityèm nan; paske Bondye te vrèman beni li. 6Anplis, a fis li, Schemaeja, te ne fis ki te renye sou lakay papa yo; paske yo te mesye pwisan ak gwo kouraj. 7Fis a Schemaeja yo: Othni, Rephaël, Obed, Elzabad, avèk frè pa yo Élihu ak Semaeja ki te mesye ak gwo kouraj. 8Tout nan sila yo, se te fis a Obed-Édom; yo menm avèk fis pa yo ak fanmi yo te mesye ak gwo kapasite, avèk fòs pou sèvis; swasann-de mesye ki sòti Obed-Édom. 9Fis a Meschélémia yo, mesye plen ak kouraj te kontwole diz-uit mesye. 10Anplis, Hosa, nan fis a Merari yo te fè fis: Schimri, premye a (malgre li pa t ne premyèman, men papa li te fè l premye), 11Hilkija, dezyèm nan, Thebalia, twazyèm nan, Zacharie, katriyèm nan. Tout fis yo avèk fanmi a Hosa yo te trèz mesye.

12Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a. 13Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay. 14Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò. 15Pou Obed-Édom li te tonbe vè sid e a fis li yo, te ale chanm depo yo. 16Pou Schuppm avèk Hosa, li te tonbe kote lwès, akote pòt Schalléketh la, vè chemen monte a. Yo te pozisyone gad anfas gad. 17Sou lès la, te gen sis Levit; nan nò a, kat chak jou e nan chanm depo yo, de pa de yon kote apa. 18Nan katye bati sou kote lwès la, te gen kat sou gran chemen an e de nan katye a menm. 19Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.

20Levit yo avèk fanmi pa yo te gen chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo. 21Fis a Laedan yo, fis a Gèshonit yo, ki apatyen a Laedan, chèf lakay zansèt pa yo ki te rele Jehiéli, te tèt lakay zansèt pa yo ki te pou Laedan, Gèshonit lan. 22Fis a Jehiéli yo, Zetham avèk Joël, frè li a, ki te an chaj trezò lakay SENYÈ a. 23Pou Amramit yo, Jitsearit yo, Ebwonit avèk Izyelit yo, 24Schebuel, fis a Guerschom an, fis a Moïse la te ofisye sou trezò yo. 25Fanmi li pa Éliézer te Rechabia, fis li a, Ésaïe, fis li a, Joram, fis li a, Zicri, fis li a ak Schelomith, fis li a. 26Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye. 27Yo te dedye yon pati nan piyaj ki te sezi nan gè yo pou repare lakay SENYÈ a. 28Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.

29Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo te anplwaye pou zafè andeyò kon majistra ak jij an Israël. 30Pou Ebwonit yo, Haschavbia avèk fanmi li, mil-sèt-san mesye ak kapasite, ki te an chaj tout zafè Israël yo nan lwès a Jourdain an, pou tout sèvis SENYÈ a ak sèvis wa a. 31Pou Ebwonit yo, Jerija, chèf la, (Ebwonit sila yo te envestige selon listwa fanmi avèk zansèt pa yo, nan karantyèm ane nan règn David la e mesye ak kapasite siperyè yo te twouve pami yo kote Jaezer nan Galaad). 32Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé pou tout zafè Bondye avèk wa a.

¿Sabías que…?

Porteros, tesoreros y oficiales

  • Las funciones de porteros en la casa de Jehová se asignaban por sorteo entre las familias de los coreítas y meraritas, sin importar la edad. Los puestos específicos incluían las puertas del Este, del Norte y del Sur, así como la puerta de Salequet junto a la calzada de subida.Fuentes: el propio texto bíblico · Shallecheth · Meshelemiah · Hosah
  • Los tesoros de las cosas dedicadas albergaban grandes riquezas, incluidos los despojos de batallas consagrados al mantenimiento de la casa de Jehová. Estos depósitos custodiaban ofrendas reunidas durante generaciones por figuras como el profeta Samuel, el rey Saúl, Abner, Joab y el rey David.Fuentes: el propio texto bíblico · Shelomith · David
  • Además del servicio en el santuario, miles de levitas actuaban como magistrados y administradores reales. En el cuadragésimo año de David, se designó a líderes hebronitas hallados en Jazer de Galaad para supervisar a las tribus al este del Jordán en asuntos sagrados y del rey.Fuentes: el propio texto bíblico · Gilead · Jazer · Jordan

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • East Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 14
  • North Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 14
  • South Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 15
  • Shallecheth · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 16
  • Parbar · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 18
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 29
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 30, 32
  • Gilead · Hoy: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 31

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.