Nations Bible

1 Crónicas 17

Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”

2Nathan te di a David: “Fè tout sa ki nan kè ou, paske Bondye avèk ou.”

3Li te vin rive nan menm nwit lan ke pawòl SENYÈ a te parèt a Nathan. Li te di: 4“Ale pale David, sèvitè Mwen an, ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou pa pou bati yon kay pou Mwen pou M rete ladann; 5paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt. 6Nan tout plas kote Mwen te mache avèk Israël yo, èske Mwen te pale yon mo avèk okenn nan jij Israël yo pou Mwen te kòmande yo pou fè bèje a pèp Mwen an, epi te di yo: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay an sèd?’”

7Alò, pou sa, konsa ou va pale ak sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ a dèzame yo: “Mwen te retire ou nan pak kote ou t ap swiv mouton, pou devni chèf sou pèp Mwen an, Israël. 8Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou parèy ak pi gwo moun sou latè yo. 9Mwen va chwazi yon plas pou pèp Israël Mwen an e va plante yo, pou yo kab rete nan pwòp plas yo, pou yo pa vin deplase ankò. Konsa, mechan yo p ap epwize yo ankò tankou oparavan, 10depi jou ke M te kòmande jij yo vini sou pèp Israël Mwen an. Konsa, Mwen va soumèt tou lènmi ou yo. Anplis, Mwen di ou, ke SENYÈ a va bati yon kay pou ou. 11Lè jou yo acheve pou ou oblije ale jwenn zansèt ou yo, Mwen va plase youn nan desandan apre ou yo, ki va nan fis ou yo; epi Mwen va etabli wayòm pa li. 12Li va bati pou Mwen yon kay e mwen va etabli twòn li jis pou tout tan. 13Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an. 14Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.”’” 15Selon tout pawòl sa yo e selon vizyon sila a, konsa Nathan te pale ak David.

16Konsa, wa David te antre e te chita devan SENYÈ a epi te di: “Se kilès mwen ye, O SENYÈ a, Bondye a e kisa lakay mwen ye pou Ou te mennen m rive jis isit la? 17Sa se te yon ti bagay nan zye Ou, O Bondye, men Ou te pale afè lakay sèvitè Ou a pou anpil tan k ap vini, e te gade mwen kon yon moun gran valè, O SENYÈ Bondye. 18Kisa, anplis, David kapab di Ou selon onè ki bay a sèvitè Ou a? Paske ou konnen sèvitè Ou. 19O SENYÈ, pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo. 20O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou. 21Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachte, fè soti nan Egypte. 22Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo. 23Koulye a, O SENYÈ, kite pawòl ke Ou te pale pa sèvitè Ou a, selon lakay li vin etabli jis pou tout tan an. Fè jan Ou te pale a. 24Kite non pa Ou vin etabli e onore jis pou tout tan, epi di: SENYÈ dèzame yo se Bondye a Israël la, yon Bondye menm pou Israël. Konsa, lakay David, sèvitè Ou a vin etabli devan Ou. 25Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou. 26Koulye a, O SENYÈ, Ou se Bondye e te pwomèt bon bagay sa a sèvitè Ou a. 27Konsa, sa te fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè Ou a, pou li kapab kontinye jis pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè l beni e li menm vin beni jis pou tout tan.”

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La promesa de Dios a David

  • Al considerar que vivía en un palacio de cedro mientras el arca del pacto permanecía bajo una tienda, David quiso edificar un templo para Dios. En respuesta, Dios le prometió que, en lugar de que David le construyera una casa, Él establecería una dinastía real duradera para David.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Natán fue un profeta influyente durante los reinados de David y Salomón, y aparece aquí para transmitir el pacto de Dios sobre la futura dinastía y el templo. Los registros bíblicos señalan que Natán también participó en la coronación de Salomón y escribió crónicas históricas sobre los reinados de ambos monarcas.Fuentes: Nathan · el propio texto bíblico
  • En el mensaje divino transmitido por Natán, el Señor recordó haber tomado a David del pastoreo de ovejas para gobernar a Israel. Este humilde origen como joven pastor en las tierras altas de Judá resaltó la notable elevación de su familia al trono real.Fuentes: David · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 5, 21

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.