Nations Bible

Zacarías 14

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Gade! Men jou jijman Seyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou. 2Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la. 3Lèfini, Seyè a pral parèt pou li al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an. 4Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid. 5N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l' la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l' yo avè l'. 6Lè jou sa a va rive, p'ap gen limyè, p'ap fè fredi, dlo p'ap fè glas. 7Se va yon jou ki p'ap tankou lòt jou yo. Ap fè klè nèt. p'ap gen lannwit ankò. Se Seyè a sèl ki konnen lè sa va rive. 8Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule soti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè. 9Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen. 10Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap soti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a. 11Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm. 12Seyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo. 13Jou sa a, Seyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt. 14Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fwontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite. 15Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo. 16Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo. 17Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm. 18Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Seyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou. 19Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo. 20Lè jou sa a va rive, y'a make sou ti klòch ki nan lekipay chwal yo: Apa pou Seyè a! Batri koujen ki nan tanp Seyè a va tankou ti bòl ki devan lotèl yo: yo va apa nèt pou Seyè a. 21Y'a mete tout mamit ak tout chodyè moun yo ap sèvi lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a apa pou sèvis Seyè ki gen tout pouvwa a. Konsa, tout moun ki vle ofri yon bèt pou yo touye pou Seyè a va vin pran yonn pou yo bouyi vyann bèt yo ofri a. Lè jou sa a va rive, p'ap gen moun k'ap vann ankò nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Día del Señor y la Adoración Universal

  • El Monte de los Olivos es una colina situada al este de Jerusalén, separada de la ciudad por el valle de Cedrón. Aparte de este pasaje profético, solo se le nombra de forma explícita en otro relato del Antiguo Testamento, cuando el rey David huyó de la ciudad durante la rebelión de Absalón.Fuentes: Mount of Olives · el propio texto bíblico
  • El profeta evoca un gran terremoto ocurrido durante el reinado de Uzías, rey de Judá, un suceso tan impactante que provocó la huida del pueblo. Uzías era hijo de Amasías y gobernó Judá a lo largo de un próspero reinado de unos cincuenta y dos años.Fuentes: Uzziah · el propio texto bíblico
  • El capítulo anuncia que los sobrevivientes de todas las naciones, incluido Egipto, subirán año tras año a Jerusalén para celebrar la Fiesta de los Tabernáculos. Zacarías advierte que aquellos pueblos que no acudan recibirán el castigo de no tener lluvia.Fuentes: Egypt · el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 4, 8, 10, 11, 12, 14, 16, 17, 21
  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · versículo 4
  • Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 8
  • Salt Sea · Hoy: Dead Sea · 31.500, 35.500 · versículo 8
  • Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 10
  • Benjamin Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Corner Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 10
  • Tower of Hananel · Hoy: Antonia Fortress · 31.780, 35.234 · versículo 10
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 18, 19

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.