Cantares 8
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa. 2Mwen ta mennen ou lakay manman m', mwen ta fè ou antre. Ou ta moutre m' sa pou m' fè. M' ta ba ou diven melanje ak fèy santi bon ak ji grenad mwen yo pou ou bwè. 3Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li. 4Nou menm medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle. 5Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a? Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa? Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi. Se la ou te fèt. Se la manman ou te fè ou wè solèy. 6Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti. 7Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'. 8Nou gen yon ti sè, li poko menm pouse tete. Kisa pou nou fè pou li si yon jenn gason vin ap file l'? 9Si se yon miray li ye, n'a bati yon gwo fò won an ajan sou li. Si se yon pòt li ye, n'a fèmen l' ak batan sèd, n'a kouvri l' ak panno bwa sèd. 10Se yon miray ranpa mwen ye. Tete m' tankou de fò. Se poutèt sa, nan je mennaj mwen, m' se yon fanm ki jwenn bonè m'. 11Salomon te gen yon jaden rezen yon kote yo rele Baal-Amon. Li bay kèk moun okipe l' pou li. Lè rekòt, yo chak pou te ba li mil (01.000) pyès ajan. 12Mwen gen jaden rezen pa m' m'ap okipe. Salomon, ou mèt kenbe mil (01.000) pyès ajan pa ou yo ak desan (0200) pyès ajan pou moun k'ap veye rekòt la. 13Zanmi kanmarad ap pare zòrèy pou tande ou. Fè m' tande vwa ou non, ou menm ki rete nan jaden yo! 14Kouri non, mennaj mwen! Kouri tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit sou mòn ki gen bon sant yo!

¿Sabías que…?
El amor invencible y las viñas reales
- Cantares 8:11 menciona una viña real en Baal-hamón, nombre que significa lugar de una multitud. Geógrafos y eruditos han propuesto diversas identificaciones para este sitio, tales como Hamón en el territorio tribal de Aser o Belamón cerca de Dotán.Fuentes: el propio texto bíblico · Baal-hamon · Solomon
- La petición de ser puesto como un sello sobre el corazón y el brazo del amado evoca la antigua costumbre de llevar sellos personales pegados al cuerpo, como símbolo de pertenencia perpetua, protección y leal afecto.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo celebra el amor como una fuerza invencible que no se puede comprar con todas las riquezas de una casa, describiendo su llama como ardiente e imposible de apagar incluso por ríos caudalosos y torrentes.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 4
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org