Cantares 5
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou! 2Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m', toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m' plen dlo lawouze. 3Mwen gen tan wete rad sou mwen, Ou ta vle m' mete rad sou mwen ankò? M' gen tan lave pye m'. Ou ta vle m' mete yo atè ankò? 4Mennaj mwen pase men l' nan twou pòt la. Tout san nan kò m' mache. 5Lamenm, mwen leve pou m' louvri pou mennaj mwen. Sant lami a te sou tout men m'. Li t'ap degoute nan dwèt mwen sou kwòchèt pòt la. 6Lè mwen louvri pòt la pou li, li te gen tan al fè wout li. Jan m' te santi m' ap mouri lè m' te tande l' ap pale a! M' chache l', m' pa jwenn li! M' rele l', li pa reponn! 7Gad k'ap fè patwouy nan tout lavil la kontre avè m'. Yo bat mwen, yo toufounen m'! Gad ki t'ap fè faksyon sou miray ranpa yo pran gwo manto ki te sou mwen an. 8Nou menm, medam lavil Jerizalèm yo, tanpri, tanpri souple! Si nou kontre ak mennaj mwen an, di l' pou mwen: mwen malad sitèlman mwen renmen! 9Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou? 10Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (010.000) gason. 11Figi l' gen yon bèl koule jòn, tankou lò. Cheve li yo tankou fèy palmis nan van. Yo nwa tankou plim kaou. 12De je l' yo, ou ta di de pijon bò yon ti dlo larivyè. Ou ta di de ti pijon nwa k'ap benyen nan de kivèt lèt. 13De bò figi l' yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant. 14Men l' yo, ou ta di chenn an lò, ak yon bann bèl ti pyè topaz kole sou yo. Kò li, ou ta di yon gwo moso ivwa tou blan byen poli, kouvri ak pyè safi. 15Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l', li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo. 16Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m' lan ye, medam lavil Jerizalèm!
¿Sabías que…?
La búsqueda del amado
- El capítulo retrata a la mujer buscando a su amado durante la noche dentro de las murallas fortificadas de Jerusalén. Jerusalén era una ciudadela montañosa protegida por murallas de piedra que eran patrulladas periódicamente por los guardias de la ciudad.Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem
- Al describir a su amado a las hijas de Jerusalén, la mujer compara su porte majestuoso con el Líbano. El Líbano era conocido como la cordillera más alta y célebre de la región, renombrada por sus imponentes alturas y bosques de cedros.Fuentes: el propio texto bíblico · Lebanon
- El diálogo poético alterna entre la mujer, su amado y las hijas de Jerusalén, estructurando el anhelo de ella y la detallada alabanza a la apariencia de él tras quedarse sola en la noche.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org