Nations Bible

Romanos 2

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo. 2Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a. 3Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a? 4Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa? 5Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri. 6Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 7Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 8Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo. 9Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo. 10Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo. 11Paske, Bondye pa gade sou figi moun. 12Tout moun ki pa t' konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a. 13Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande. 14Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pa t' konn lalwa a. 15Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè. 16Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt. 17Ou menm yo rele jwif la, ou apiye kò ou sou lalwa a. W'ap vante tèt ou dèske ou konn Bondye. 18Ou konnen sa Bondye vle ou fè; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen. 19Ou mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa, 20yon pwofesè lekòl pou timoun; ou kwè ou ka moutre moun ki pa konnen anyen yo anpil bagay. Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a. 21Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou? 22W'ap mande moun pou yo pa vòlò, epi w'ap vòlò: w'ap dèfann moun fè adiltè epi ou menm, w'ap fè adiltè! Ou di ou rayi zidòl, epi w'ap piye tanp zidòl yo! 23Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a! 24Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa. 25Si ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pa t' janm sikonsi. 26Lè yon moun lòt nasyon ki pa sikonsi fè sa lalwa a mande, èske Bondye p'ap gade li tankou yon moun ki sikonsi? 27Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a. 28Se pa moun ki gen aparans jwif ki jwif tout bon. Se pa sikonsizyon ki kite mak nan kò moun ki sikonsizyon tout bon an. 29Jwif ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa soti nan men moun, men nan men Bondye.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Juicio sin favoritismo

  • Romanos 2 advierte que quien juzga a otros mientras hace las mismas cosas se condena a sí mismo, porque el juicio de Dios se basa en la verdad. El capítulo dice que Dios no muestra favoritismo: habrá tribulación y angustia para todo ser humano que hace el mal, y gloria, honor y paz para todo el que hace el bien, primero para el judío y luego para el griego.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo distingue a quienes pecan sin la ley de quienes pecan bajo la ley: los primeros también perecerán sin la ley, y los segundos serán juzgados por la ley. Dice que no son los oidores de la ley los justos ante Dios, sino los que la practican. Los gentiles que no tienen la ley, pero por naturaleza hacen lo que ella exige, son una ley para sí mismos y muestran que la obra de la ley está escrita en sus corazones, mientras su conciencia da testimonio y sus pensamientos los acusan o los defienden.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Hablando a quien se llama judío, confía en la ley y está convencido de que es guía y maestro, el capítulo pregunta si se enseña a sí mismo: si roba, comete adulterio o saquea templos mientras condena esos actos. La circuncisión tiene valor si se observa la ley, pero si se quebranta la ley, la circuncisión se ha vuelto incircuncisión. El hombre es judío interiormente, y la circuncisión es asunto del corazón, por el Espíritu, no por el código escrito; su alabanza no viene de los hombres, sino de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.