Apocalipsis 22
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. 2Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. 3p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. 4Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo. 5p'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan. 6Apre sa, zanj lan di mwen: Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l' yo sa ki pral rive anvan lontan. 7Jezi di: Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a. 8Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fè m' wè yo a pou m' adore li. 9Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore. 10Apre sa, li di mwen: Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive. 11Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye. 12Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 13Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman. 14Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. 15Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti. 16Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an. 17Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis. 18Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. 19Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a. 20Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Seyè Jezi! 21Se pou benediksyon Seyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.
¿Sabías que…?
La ciudad de la vida y el Señor que viene
- El ángel muestra un río del agua de la vida, claro como el cristal, que fluye del trono de Dios y del Cordero por en medio de la calle principal de la ciudad, con el árbol de la vida a cada lado, que da doce clases de fruto, una cosecha nueva cada mes, y hojas para la sanidad de las naciones. El capítulo también dice que ya no habrá maldición ni noche, pues el Señor Dios brillará sobre sus siervos, y ellos reinarán por siempre jamás.Fuentes: el propio texto bíblico
- Jesús se presenta como la Raíz y el Descendiente de David y como la brillante Estrella de la Mañana. La entrada sobre David lo presenta como Amado, el octavo y más joven hijo de Isaí, ciudadano de Belén, cuyo primer trabajo fue cuidar las ovejas de su padre en las tierras altas de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · David
- Quien habla dice: “Yo soy Juan, el que oyó y vio estas cosas”, y cuenta cómo se postró para adorar a los pies del ángel que se las había mostrado. El ángel rehusó, llamándose consiervo de Juan y de sus hermanos los profetas, y de los que guardan las palabras de este libro, y dijo: “¡Adora a Dios!”Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org