Apocalipsis 17
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. 2Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a. 3Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye. 4Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. 5Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè. 6Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil. 7Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan. 8Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò. 9Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye. 10Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. 11Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. 12Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. 13Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la. 14Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li. 15Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang. 16Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife. 17Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre. 18Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.
¿Sabías que…?
El misterio de Babilonia la Grande
- Un nombre misterioso está escrito en la frente de la mujer: Babilonia la Grande, madre de las prostitutas y de las abominaciones de la tierra. El ángel explica que la mujer es la gran ciudad que gobierna a los reyes de la tierra.Fuentes: el propio texto bíblico
- Una entrada sobre el lugar registra Babilonia como la forma griega de Babel, y la forma semítica Babilu con el significado de "La Puerta de Dios". También dice que, en las tablillas asirias, el nombre significa "la ciudad de la dispersión de las tribus". La misma entrada sitúa la ciudad junto al Éufrates, unas doscientas millas río arriba de la confluencia de ese río con el Tigris.Fuentes: Babylon
- El ángel interpreta imágenes de la visión. Las aguas donde está sentada la prostituta son pueblos, multitudes, naciones y lenguas. Las siete cabezas son siete montes sobre los que se sienta la mujer; el pasaje también habla de siete reyes, y los diez cuernos son diez reyes que aún no han recibido un reino.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Babylon · Hoy: Rome · 41.892, 12.485 · versículo 5
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org