Salmos 88
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(088:1) Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. (088:2) Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou! 2(088:3) Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou. 3(088:4) Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri. 4(088:5) Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò. 5(088:6) Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li. 6(088:7) Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon. 7(088:8) Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou. 8(088:9) Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti. 9(088:10) Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou! 10(088:11) Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou? 11(088:12) Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou? 12(088:13) Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon! 13(088:14) Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou. 14(088:15) Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen? 15(088:16) Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò. 16(088:17) Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'. 17(088:18) Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou. 18(088:19) Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.

¿Sabías que…?
Un Clamor en la Profunda Oscuridad
- El encabezamiento designa este cántico como un salmo de los hijos de Coré y un Maskil de Hemán el ezraíta, dirigido según Mahalath Leannoth.Fuentes: el propio texto bíblico
- El orante describe el reino de los muertos mediante varios términos, incluidos el Seol, la fosa, Abadón y la tierra del olvido. El texto plantea preguntas retóricas sobre si las maravillas y la fidelidad de Dios pueden conocerse o alabarse en tales lugares.Fuentes: el propio texto bíblico
- A diferencia de muchos lamentos bíblicos que avanzan hacia expresiones de confianza o alabanza, el Salmo 88 sostiene un tono continuo de sufrimiento y aislamiento, y concluye con la oscuridad descrita como la compañía más cercana de quien clama.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org