Nations Bible

Salmos 83

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1(083:1) Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. (083:2) O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen! 2(083:3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou! 3(083:4) Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo. 4(083:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò! 5(083:6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou. 6(083:7) Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo, 7(083:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò. 8(083:9) Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo. 9(083:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou. 10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a. 11(083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou, 12(083:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou. 13(083:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale. 14(083:15) Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo, 15(083:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo! 16(083:17) Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou. 17(083:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri. 18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.

¿Sabías que…?

Oración contra una alianza hostil

  • El Salmo 83 es el último del conjunto de doce salmos (Salmos 50 y 73–83) atribuidos a Asaf, un músico levita y director de coro en la época de David.Fuentes: Asaph (Levite) · el propio texto bíblico
  • El salmo describe una confederación de naciones hostiles que conspiran contra Israel, mencionando a vecinos regionales como Edom, Moab, Amón y Amalec junto a ciudades costeras fenicias como Gebal y Tiro, además de Asiria.Fuentes: el propio texto bíblico · Gebal · Tyre · Edom
  • Para suplicar el auxilio divino, el autor evoca victorias célebres de la época de los Jueces, como la derrota del comandante cananeo Sísara y del rey Jabín junto al arroyo de Cisón, y el triunfo de Gedeón sobre los caudillos madianitas Oreb, Zeeb, Zébah y Zalmuna.Fuentes: el propio texto bíblico · Sisera (army captain) · Jabin (king of Hazor) · Oreb

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Edom · 30.746, 35.604 · versículo 6
  • Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículo 6
  • Amalek · 30.648, 34.422 · versículo 7
  • Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 7
  • Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 7
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 7
  • Asshur · Hoy: Assur · 35.457, 43.263 · versículo 8
  • Midian · 28.495, 35.012 · versículo 9

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.