Nations Bible

Salmos 72

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la! 2Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt. 3Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a. 4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la. 5Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan. 6Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a. 7Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè. 8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a. 9Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè. 10Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li. 11Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'. 12L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. 13L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen. 14L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li! 15Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou. 16Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden. 17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a. 18Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo. 19Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn! 20Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Una oración real por la justicia y la paz universal

  • El salmo nombra regiones distantes para ilustrar el tributo universal al rey justo: Tarsis (identificada como un lejano puerto occidental en España), Sabá (un reino del sur de Arabia famoso por su riqueza y comercio de oro y especias) y Seba (ubicada en el noreste de África).Fuentes: el propio texto bíblico · Tarshish · Sheba · Seba
  • El texto finaliza con la indicación de que concluyen las oraciones de David, hijo de Isaí, marcando el cierre formal del segundo libro del Salterio. Isaí era un ciudadano de Belén y padre de ocho hijos, de los cuales David era el menor.Fuentes: el propio texto bíblico · David · Jesse

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Euphrates · Hoy: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 8
  • Sheba · 15.348, 44.206 · versículos 10, 15
  • Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 16

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.