Salmos 68
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(068:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante. (068:2) Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt. 2(068:3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye. 3(068:4) Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil. 4(068:5) Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou. 5(068:6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. 6(068:7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon. 7(068:8) O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a, 8(068:9) tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la. 9(068:10) Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li. 10(068:11) Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè. 11(068:12) Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la: 12(068:13-)Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè. 13(068:14) Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò. 14(068:15) Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon. 15(068:16) Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an! 16(068:17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan. 17(068:18) Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a. 18(068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo. 19(068:20) Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou. 20(068:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a. 21(068:22) Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche. 22(068:23) Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a. 23(068:24) pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo. 24(068:25) Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a. 25(068:26) Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren. 26(068:27) Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo! 27(068:28) Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo. 28(068:29) Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an! 29(068:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou. 30(068:31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri! 31(068:32) Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye. 32(068:33) Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a, 33(068:34) pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò. 34(068:35) L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa. 35(068:36) Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!

¿Sabías que…?
El Dios Victorioso de Israel
- El salmo describe una gran procesión festiva hacia el santuario, encabezada por cantores, músicos y jóvenes que tocan panderos. Representantes tanto de tribos del sur, como el pequeño Benjamín y Judá, como del norte, como Zabulón y Neftalí, se unen en la celebración.Fuentes: el propio texto bíblico · Benjamin (patriarch) · Zebulun · Naphtali
- El texto contrasta el imponente monte de Basán, con sus múltiples cumbres, con el monte que Dios eligió para Su morada en Jerusalén. También compara la dispersión de los reyes derrotados por la tierra con la nieve que cae sobre Salmón, un monte boscoso cerca de Siquem.Fuentes: el propio texto bíblico · Bashan · Zalmon · Jerusalem
- Más allá de Israel, el salmo prevé que las naciones extranjeras se someterán y llevarán tributos a Jerusalén. Menciona expresamente la llegada de emisarios desde Egipto y de la tierra de Cus, al sur, extendiendo sus manos hacia Dios.Fuentes: el propio texto bíblico · Egypt · Cush · Jerusalem
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 7, 31
- Mount Bashan · Hoy: Jebel Druze · 32.667, 36.733 · versículo 15
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 16
- Holy Place · Hoy: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 17
- Bashan · 32.781, 35.935 · versículo 22
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 29
- Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 31
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org