Salmos 57
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(057:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. (057:2) Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase. 2(057:3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an. 3(057:4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li. 4(057:5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file. 5(057:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè! 6(057:7) Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li. 7(057:8) Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou. 8(057:9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! 9(057:10) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! 10(057:11) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. 11(057:12) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
¿Sabías que…?
Refugio y Alabanza en la Cueva
- El encabezado vincula esta oración a la huida de David del rey Saúl hacia una cueva, dirigiéndola al músico principal con la melodía "No destruyas" y clasificándola como un "Mictam".Fuentes: el propio texto bíblico
- El salmo contrasta el refugio protector de las alas de Dios con el peligro de depredadores humanos, describiendo a los perseguidores como leones voraces que preparan redes y fosos solo para caer en sus propias trampas.Fuentes: el propio texto bíblico
- El estribillo repetido "Sé exaltado, oh Dios, sobre los cielos; sobre toda la tierra sea tu gloria" señala el momento en que el salmista decide despertar el alba con arpa, lira y cánticos de alabanza.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org