Salmos 46
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. 2(046:3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen. 3(046:4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè. 4(046:5) Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la. 5(046:6) Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou. 6(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble. 7(046:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache. 8(046:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè! 9(046:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt. 10(046:11) Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè. 11(046:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
¿Sabías que…?
Dios, Nuestro Refugio y Fortaleza
- El encabezamiento identifica este cántico como perteneciente a los hijos de Coré y lo dirige al director del coro según Alamot.Fuentes: el propio texto bíblico
- El poema contrasta conmociones caóticas —como montes derrumbándose en mares embravecidos y reinos que caen— con la calma de un río cuyas corrientes alegran la ciudad de Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
- Un tema central del salmo es el cese de los conflictos, describiendo a Dios poniendo fin a las guerras en toda la tierra al quebrar arcos, romper lanzas y quemar escudos en el fuego.Fuentes: el propio texto bíblico · Jacob (Israel)
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org