Nations Bible

Salmos 44

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1(044:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (044:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan. 2(044:3) Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo. 3(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo. 4(044:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans. 5(044:6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo. 6(044:7) Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'. 7(044:8) Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont. 8(044:9) Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi. 9(044:10) Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò. 10(044:11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz. 11(044:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo. 12(044:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li. 13(044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 14(044:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou. 15(044:16) -(we vèsè pwochen) 16(044:17) Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'. 17(044:18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an. 18(044:19) Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an. 19(044:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la. 20(044:21) Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye, 21(044:22) èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun? 22(044:23) Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa. 23(044:24) Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt! 24(044:25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou? 25(044:26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat. 26(044:27) Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Un Lamento Comunitario en Tiempos de Derrota

  • El Salmo 44 se presenta como un Masquil de los hijos de Coré, una familia levítica vinculada al canto y la liturgia del templo, descendiente del levita Coré mencionado en Éxodo y Números.Fuentes: el propio texto bíblico · Korah (Levite)
  • A diferencia de otros lamentos que vinculan las derrotas con la idolatría, la comunidad en el Salmo 44 afirma su fidelidad, sosteniendo que no ha olvidado a Dios ni ha quebrantado Su pacto.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El salmo contrasta los relatos de las victorias divinas de los antepasados al establecerse en la tierra con la dura realidad presente de derrota militar, dispersión entre las naciones y trato como ovejas de matadero.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.