Salmos 42
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(042:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (042:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. 2(042:3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li? 3(042:4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la? 4(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi. 5(042:6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen. 6(042:7) Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou. 7(042:8) Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen. 8(042:9) Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen. 9(042:10) Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo? 10(042:11) Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la? 11(042:12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.

¿Sabías que…?
La Sed de Dios Lejos del Hogar
- El salmo se presenta como un cántico de los hijos de Coré, una familia levítica descendiente del levita Coré que participaba en la música y el culto del templo.Fuentes: el propio texto bíblico · Korah (Levite)
- El autor anhela a Dios desde las tierras del norte, mencionando la región del Jordán, el monte Hermón y el monte Mizar. El Hermón es una imponente cordillera con varias cumbres de unos 2.800 metros de altitud, mientras que Mizar (que significa 'pequenez') alude a una elevación menor en sus alrededores.Fuentes: el propio texto bíblico · Hermon · Hill Mizar
- El poema recurre a vivas metáforas acuáticas, desde un ciervo sediento que brama por corrientes de agua hasta cascadas estruendosas y olas desbordantes que simbolizan una profunda aflicción emocional.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 6
- Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 6
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org