Salmos 39
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(039:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (039:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen. 2(039:3) Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd. 3(039:4) Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande: 4(039:5-)Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a. 5(039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye. 6(039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo. 7(039:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou! 8(039:9) Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz. 9(039:10) M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou. 10(039:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo. 11(039:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye. 12(039:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou. 13(039:14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.

¿Sabías que…?
La fragilidad y brevedad de la vida humana
- El encabezado dedica esta composición al director del coro y a Jedutún, atribuyendo la oración a David.Fuentes: el propio texto bíblico · David
- El salmo ilustra la brevedad de la existencia al describir la vida humana como apenas unos palmos—una medida antigua basada en el ancho de la mano—y como un soplo pasajero o una sombra.Fuentes: el propio texto bíblico
- El orador se identifica como un forastero y peregrino que habita junto a Dios, reflejando una postura de total dependencia de la misericordia y la hospitalidad divinas.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org