Nations Bible

Salmos 33

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li. 2Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li. 3Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò. 4Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la. 5Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè. 6Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt. 7Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa. 8Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li. 9Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt. 10Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè. 11Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt. 12Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la! 13Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun. 14Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a. 15Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè. 16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo. 17Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn. 18Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo. 19L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a. 20Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou. 21Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa. 22Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Alabanza al Creador y Soberano Señor

  • El salmo convoca expresamente a la alabanza acompañada de instrumentos de cuerda, entre ellos el arpa y un instrumento de diez cuerdas, combinando el canto vocal con una ejecución musical diestra.Fuentes: el propio texto bíblico
  • La creación se describe como una obra realizada enteramente por la palabra hablada y el aliento del Señor, trayendo a la existencia los cielos, las estrellas y los mares sin esfuerzo físico.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El texto contrasta la protección divina con el poder militar de la antigüedad, señalando que ni los grandes ejércitos, ni la fuerza física, ni los caballos de guerra pueden garantizar la salvación o la victoria.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.