Salmos 29
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! 2Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a! 3Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a. 4Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'! 5Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo. 6Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf. 7Vwa Seyè a fè zèklè. 8Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble. 9Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. 10Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan. 11Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.

¿Sabías que…?
La Voz del Señor en la Tempestad
- El nombre Sirión, mencionado junto al Líbano, es el antiguo nombre sidonio para el Monte Hermón. El poeta describe estas imponentes cumbres del norte saltando como becerros ante la voz atronadora del Señor.Fuentes: Sirion · el propio texto bíblico
- El salmo describe una tormenta que recorre toda la región, extendiéndose desde la célebre cordillera cubierta de cedros del Líbano en el extremo norte hasta el árido desierto de Cades en la frontera sur.Fuentes: Lebanon · Kadesh · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículos 5, 6
- Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 6
- Zin · Hoy: Zin Desert · 30.971, 35.325 · versículo 8
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org