Salmos 21
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1(021:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (021:2) Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la. 2(021:3) Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou. 3(021:4) Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li. 4(021:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini. 5(021:6) Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon, 6(021:7) Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'. 7(021:8) Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan. 8(021:9) Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo. 9(021:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt. 10(021:11) W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm. 11(021:12) Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo. 12(021:13) L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale. 13(021:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!

¿Sabías que…?
Acción de gracias por el rey
- El salmo está atribuido a David y dirigido al director del coro. Incluye el término litúrgico o musical hebreo «Selah» tras relatar que la petición de los labios del rey fue concedida.Fuentes: el propio texto bíblico
- El texto recurre a símbolos de la realeza, como una corona de oro puro, esplendor y majestad, para celebrar las bendiciones y la protección divinas. Destaca que el rey no resbalará gracias a su confianza en el Altísimo.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org