Nations Bible

Proverbios 7

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a. 2Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou. 3Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'. 4Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou. 5Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd. 6Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a. 7Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou. 8Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan. 9Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa. 10Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li. 11Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li. 12Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou. 13Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l': 14Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an. 15Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou. 16Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen. 17Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li. 18Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou. 19Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen. 20Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou. 21Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte. 22Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen 23k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje. 24Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou. 25Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou. 26Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo. 27Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La trampa de la seducción

  • El narrador observa la escena a través de la celosía de la ventana de su casa, mirando hacia la calle mientras el atardecer da paso a la oscuridad de la noche. Esta perspectiva literaria presenta el relato como el testimonio de un testigo presencial que advierte sobre el peligro de frecuentar lugares de tentación.Fuentes: el propio texto bíblico
  • La mujer seductora menciona que ha pagado sus votos y presentado ofrendas de paz, lo que implicaba que disponía de carne sacrificial lista para un banquete. Asimismo, apela a lujos importados como lino egipcio de colores y perfumes de mirra, áloe y canela.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Para contrarrestar la seducción de la mujer ajena, el maestro exhorta al joven a considerar a la sabiduría como una hermana y al entendimiento como un pariente cercano. Cultivar una relación íntima y familiar con la sabiduría se presenta como la defensa fundamental contra las palabras engañosas.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 16

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.