Nations Bible

Proverbios 29

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò. 2Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn. 3W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye. 4Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a. 5Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo. 6Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt. 7Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa. 8Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men moun ki gen konprann konnen pou l' kontwole tèt li lè li fache. 9Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache anyen p'ap regle. 10Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'. 11Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li. 12Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'. 13Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè. 14Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan. 15Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont. 16Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe. 17Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan. 18Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande! 19Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi. 20Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile. 21Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye. 22Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen. 23Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye. 24Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li. 25Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen. 26Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri. 27Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Justicia, Gobierno y Dominio Propio

  • Proverbios 29 vincula repetidamente el bienestar de la sociedad con un gobierno justo, señalando que el pueblo se alegra cuando los justos gobiernan, pero gime bajo líderes impíos. Un rey que juzga a los pobres con equidad y mantiene la justicia da estabilidad al país, mientras que los gobernantes que escuchan mentiras corrompen a sus oficiales.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo destaca la importancia de la guía moral y la disciplina, observando que sin visión o revelación el pueblo se desenfrena, mientras que guardar la Ley trae bendición. Este principio de instrucción y corrección se aplica también directamente al hogar y a la crianza de los hijos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El dominio propio en el habla y las emociones es un tema central: mientras que el necio desahoga toda su ira y habla con precipitación, el sabio la refrena. El texto advierte que el orgullo humilla al ser humano, pero el espíritu humilde obtiene honra.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.