Nations Bible

Proverbios 26

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li. 2Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye. 3Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann. 4Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo. 5Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye. 6Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li. 7Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan. 8Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la. 9Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li. 10Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun. 11Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a. 12Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann. 13Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a. 14Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo. 15Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè. 16Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di. 17Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen. 18-(we vèsè pwochen) 19Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun. 20Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont. 21Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife. 22Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo. 23Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri. 24Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun. 25Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen. 26Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo. 27Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze. 28Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Necios, Perezosos y Contiendas

  • Los versículos 4 y 5 ofrecen instrucciones aparentemente contradictorias sobre cómo responder al necio. En conjunto, estos proverbios muestran que la sabiduría práctica requiere discernir la ocasión: contestar a la necedad puede rebajar a una persona, mientras que confrontarla evita que el necio se crea sabio.Fuentes: el propio texto bíblico
  • El capítulo emplea imágenes vívidas y humorísticas para retratar al perezoso. Este inventa excusas extremas, como un león en la calle, da vueltas en su cama como una puerta sobre sus bisagras y encuentra agotador incluso llevar la mano del plato a la boca.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Proverbios 26 compara las disputas con un fuego que necesita combustible continuo. Cuando cesan los chismes y las murmuraciones, la contienda se apaga por sí sola, tal como el fuego se extingue cuando se acaba la leña o el carbón.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.