Proverbios 22
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò. 2Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye. 3Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. 4Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan. 5Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo. 6Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'. 7Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. 8Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt. 9Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'. 10Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann. 11Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè. 12Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont. 13Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a. 14Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a. 15Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò. 16Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv. 17Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a. 18L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou. 19Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a. 20Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo. 21Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo: 22Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. 23Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo. 24Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo. 25W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou. 26Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. 27Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou. 28Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo. 29Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.
¿Sabías que…?
Sabiduría, integridad y justicia social
- Proverbios 22:17–21 marca una transición destacada en el libro al presentar una colección descrita como treinta dichos de consejo y conocimiento para guiar al lector en la verdad y la confianza en el SEÑOR.Fuentes: el propio texto bíblico
- La advertencia del versículo 22 de no atropellar al afligido en la puerta alude a la puerta de la ciudad, el principal espacio público para juicios, acuerdos cívicos y comercio en la antigüedad.Fuentes: el propio texto bíblico
- El versículo 28 manda no remover los antiguos linderos fijados por generaciones pasadas. Esas piedras señalaban los límites de las propiedades, y desplazarlas constituía un despojo que privaba de sus tierras a las familias vulnerables.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org