Proverbios 14
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li. 2Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen. 3Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo. 4Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt. 5Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite. 6Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil. 7Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen. 8Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe. 9Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo. 10Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou. 11Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope. 12Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò. 13Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere. 14Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li. 15Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'. 16Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon. 17Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz. 18Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans. 19Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo. 20Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi. 21Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere! 22Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou. 23Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv. 24Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt. 25Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo. 26Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye. 27Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje. 28Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen. 29Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt. 30Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. 31Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye. 32Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje. 33Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen. 34Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon. 35Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.

¿Sabías que…?
Sabiduría, Trabajo y Justicia
- Proverbios 14 recurre a la vida agrícola cotidiana para ilustrar que la productividad requiere esfuerzo e inversión. Aunque un establo sin bueyes permanece limpio, una cosecha abundante depende de la fuerza del animal de tiro.Fuentes: el propio texto bíblico
- El capítulo vincula directamente la justicia social con el respeto a Dios. Oprimir o despreciar al pobre y necesitado se presenta como una ofensa a su Creador, mientras que mostrarles bondad y generosidad honra a Dios.Fuentes: el propio texto bíblico
- Los proverbios aplican la sabiduría moral al gobierno y al bienestar nacional, afirmando que la grandeza de un rey reside en la multitud de su pueblo y que la rectitud enaltece a una nación, mientras que el pecado acarrea deshonra.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org