Nehemías 8
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. 2Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a. 3Se konsa, sou plas ki devan pòtay Dlo yo, Esdras li nan liv lalwa a pou yo, depi granmaten jouk rive midi. Tout pèp la, fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann, te louvri zòrèy yo pou yo tande sa ki te nan liv lalwa a. 4Esdras, direktè lalwa a, te kanpe sou yon lestrad an bwa yo te bati espre pou sa. Sou bò dwat li, te gen Matitya, Chema, Anaja, Ourija, Ilkija ak Maseja. Sou bò gòch li, te gen Pedaja, Mikayèl, Malkija, Achoum, Achbadana, Zakarya ak Mechoulam. 5Kote Esdras te kanpe byen wo sou lestrad la, li louvri liv la devan tout moun. Lè sa a, tout pèp la leve kanpe. 6Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a. 7Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja. 8Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a. 9Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt direktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: -Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Seyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi! 10Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs! 11Tout moun Levi yo pran mache nan mitan tout pèp la pou fè yo pe. Yo t'ap di yo: -Pe bouch nou, mezanmi! Siye dlo nan je nou! Jou sa a se yon jou apa pou Bondye li ye! 12Se konsa tout pèp la al lakay yo, yo manje, yo bwè, yo separe sa yo genyen ak lòt moun. Tout moun te kontan, yo t'ap fè fèt, paske yo te konprann sa yo te li pou yo nan liv la. 13Nan denmen, tout chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo, prèt yo ak moun Levi yo sanble ankò bò direktè Esdras pou yo te ka etidye pawòl lalwa a. 14Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa. 15Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesaj sa a bay tout moun: -Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la. 16Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Genyen ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Genyen ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan. 17Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete. 18Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.

¿Sabías que…?
La lectura de la Ley y la Fiesta de las Enramadas
- Esdras el escriba, un sacerdote descendiente de Aarón que había guiado a exiliados de regreso de Babilonia, leyó el Libro de la Ley de Moisés desde el amanecer hasta el mediodía ante la asamblea en Jerusalén. De pie sobre una plataforma alta de madera en la plaza frente a la Puerta del Agua, leyó mientras los levitas explicaban el texto para que todos pudieran comprenderlo.Fuentes: el propio texto bíblico · Ezra · Water Gate · Jerusalem
- Al escuchar la lectura de la Ley, la gente comenzó a llorar, pero Nehemías el gobernador, Esdras y los levitas les indicaron que no se entristecieran en un día consagrado. Se les mandó comer alimentos ricos, beber bebidas dulces, compartir porciones con quienes no tenían nada preparado y regocijarse en el gozo del Señor.Fuentes: el propio texto bíblico
- Al descubrir el mandato de la Ley de habitar en enramadas durante la fiesta del séptimo mes, la asamblea de retornados recolectó ramas de palmera, olivo y mirto para construir refugios en azoteas, patios y plazas cerca de la Puerta del Agua y la Puerta de Efraín. El relato señala que los israelitas no habían celebrado de esa manera desde los días de Josué hijo de Nun.Fuentes: el propio texto bíblico · Water Gate · Gate of Ephraim
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Water Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3, 16
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 15
- Ephraim Gate · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org