Nations Bible

Nahúm 3

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l'ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt. 2Koute bri fwèt kach yo, bri wou cha yo k'ap woule vini. Koute bri chwal yo k'ap galope, bri cha lagè yo k'ap kouri vini. 3Kavalye yo ap zeponnen chwal yo. Nepe yo klere kou fèman nan solèy. Lans yo, ou ta di zèklè. Moun tonbe kou mouch. Kadav yo fè pil sou pil. Ou pa ka konte yo. Moun ap bite sou moun mouri. 4Y'ap pini lavil Niniv, manman jennès la. Y'ap pini l' pou tout dezòd li fè yo. Li te bèl, li te fò nan pawòl dous! Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li. Li fè nasyon yo pèdi tèt yo. Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo! 5Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Se mwen menm k'ap regle ak ou! Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt. Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou, pou tout peyi ka wè jan ou san wont. 6Mwen pral kouvri ou ak salte. Mwen pral avili ou, pou tout moun ka wè jan ou pa bon. 7Tout moun ki va wè ou va kouri byen lwen. Y'a di: Lavil Niniv fini! Ki moun ki va gen pitye pou li? Pa gen pesonn ka vle vin kenbe rèl la avè l'. 8Ou menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l', 9atout li te anvayi peyi Letiopi ak peyi Lejip kifè pa t' gen limit pou pouvwa li ankò, atout moun peyi Pout yo ak moun peyi Libi yo te mache ansanm avè l', 10yo fè moun li yo prizonye, yo depòte yo nan lòt peyi. Nan tout kalfou, yo kraze pitit li yo jouk yo mouri. Yo mare grannèg li yo nan chenn kou esklav. Yo separe yo, yo tire osò pou bay chak moun pa yo. 11Ou menm tou, lavil Niniv, ou pral sou. Tèt ou pral vire. Ou menm tou, ou pral chache kote pou ou kache pou lènmi ou yo. 12Fò ou yo tankou yon pye fig frans chaje fig mi: ou annik souke l', epi fig yo tonbe nan bouch k'ap tann pou manje yo. 13Sòlda ou yo, ou ta di yon bann fanm! Peyi a ap san defans devan lènmi ou yo, dife boule ba ki fèmen pòtay ou yo. Yo rete gran louvri. 14Al pran dlo mete la, paske yo pral sènen ou anndan lakay ou. Repare miray fò ou yo! Al bat tè ak pye ou pou fè brik! Pare fòm pou fè brik. 15Ou te mèt peple tankou chini, ou te mèt peple tankou krikèt, dife pral boule ou nèt ale. Lagè pral fini avè ou. 16Ou te gen plis moun k'ap fè kòmès pase gen zetwal nan syèl la. Koulye a, yo pati tankou krikèt ki louvri zèl yo vole ale. 17Sòlda ou yo ak moun k'ap travay pou ou yo pral tankou yon bann krikèt ki poze sou raje lè fredi. Leve solèy la leve, y' ale. Pesonn pa konnen kote yo fè. 18Ou menm wa peyi Lasiri a, faksyonnè ou yo ap dòmi. Chèf lame ou yo mouri. Moun ou yo gaye nan tout mòn. Pa gen pesonn pou fè yo tounen lakay yo ankò. 19Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou malenng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pa t' fè pase mizè.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La inevitable caída de Nínive

  • Nahúm advierte a Nínive recordando la caída de Tebas, una gran ciudad protegida por las aguas del Nilo y aliada con Cus, Egipto y Fut. A pesar de sus formidables defensas naturales y alianzas regionales, Tebas fue conquistada y sus nobles fueron llevados al cautiverio.Fuentes: el propio texto bíblico · Thebes · Cush · Put
  • El profeta ordena irónicamente a Nínive que se prepare para el asedio acarreando agua, trabajando el barro y pisando el mortero para reforzar sus fortificaciones de ladrillo. Aun con estos extensos preparativos, el texto declara que el fuego y la espada devorarían la ciudad.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Nahúm compara a los guardias y oficiales de Nínive con langostas que se agrupan en los muros en un día frío. Tan pronto sale el sol, levantan el vuelo y desaparecen, ilustrando la rapidez con la que los líderes y defensores de Asiria se dispersarían.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Nineveh · 36.359, 43.153 · versículos 1, 4, 7, 11
  • Nile · Hoy: Nile River · 31.465, 30.367 · versículo 8
  • Thebes · 25.721, 32.610 · versículos 8, 10
  • Cush · Hoy: Cush 1 · 16.935, 33.751 · versículo 9
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 9
  • Libya · 32.821, 21.851 · versículo 9
  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 18

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.