Miqueas 5
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l'. 2Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan. 3Se konsa, Seyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la. 4Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Seyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Seyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa. 5L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo. 6Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fwontyè nou yo. 7Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye. 8Rès moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt nan bwa, osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye yo, y'ap dechikete yo. Pesonn p'ap ka delivre moun anba men yo. 9Izrayèl va leve kont lènmi li yo, l'a disparèt yo nèt. 10Seyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo. 11M'ap detwi tout lavil nou bati nan peyi a, m'ap kraze tout fò ak tout ranpa nou yo. 12M'a wete tout wanga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò. 13M'ap detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò. 14M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo. 15Lè sa a, m'ap fache, m'ap fè gwo kòlè, m'ap pran revanj mwen sou tout nasyon ki pa t' obeyi m' yo.

¿Sabías que…?
El gobernante de Belén
- Belén Efrata era el nombre antiguo de Belén en Judá, donde David pasó su juventud. Aunque era considerada pequeña entre los clanes de Judá, el texto la identifica como el origen de un futuro gobernante que pastoreará a su rebaño con la fuerza del Señor.Fuentes: Bethlehem Ephrathah · el propio texto bíblico
- El capítulo establece un paralelismo entre Asiria y la tierra de Nimrod. En la tradición bíblica, Nimrod era un descendiente de Cus que inició su reino en Babel, y la tierra de Nimrod funcionaba como una designación antigua de Asiria o Sinar.Fuentes: Nimrod · Nimrod · el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 1
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículo 2
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 5, 6
- Nimrod · Hoy: Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 6
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org