Nations Bible

Mateo 8

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Apre sa, Jezi desann soti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. 2Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l', li tonbe ajenou devan Jezi, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen. 3Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li. 4Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri. 5Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa: 6Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil. 7Jezi di l' konsa: Mwen pral geri l' pou ou. 8Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri. 9Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li. 10Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a. 11Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la. 12Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. 13Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l' la. Menm lè a, domestik la te geri. 14Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv. 15Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li. 16Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou. 17Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li. 18Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a. 19Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l', li di l' konsa: Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale. 20Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li. 21Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan. 22Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo. 23Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li. 24Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a. 25Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l', yo fè l' leve. Yo di l' konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri. 26Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt. 27Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li? 28Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a. 29Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou? 30Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. 31Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo. 32Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè. 33Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo. 34Lè sa a, tout moun lavil la soti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l', yo mande li: Tanpri souple, ale fè wout ou.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Curaciones, fe y el mar

  • Capernaum, la ciudad a la que Jesús entra en este capítulo, era una ciudad de Galilea que no se menciona en el Antiguo Testamento. El Easton's Bible Dictionary (1897) dice que llegó a ser “su propia ciudad” después de que dejó Nazaret, e incluye la súplica del centurión y la curación en la casa de Pedro entre los hechos situados allí.Fuentes: Capernaum · el propio texto bíblico
  • Jesús dice que muchos vendrán del oriente y del occidente para compartir el banquete con Abraham, Isaac y Jacob en el reino de los cielos. El Easton's Bible Dictionary (1897) presenta a Abraham como hijo de Taré y heredero de las promesas, a Isaac como el único hijo de Abraham con Sara, y a Jacob —también llamado Israel— como el hijo gemelo menor de Isaac y Rebeca.Fuentes: el propio texto bíblico · Abraham · Isaac · Jacob (Israel)
  • Mateo presenta las curaciones de aquella noche como cumplimiento de lo dicho por medio del profeta Isaías: “Él tomó nuestras dolencias y cargó con nuestras enfermedades.” El Easton's Bible Dictionary (1897) identifica a Isaías como hijo de Amoz, que profetizó durante los reinados de Uzías, Jotam, Acaz y Ezequías.Fuentes: el propio texto bíblico · Isaiah

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Gadara · Hoy: Umm Qais · 32.656, 35.679 · versículo 28

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.