Mateo 11
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, li ale nan lòt lavil peyi a. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 2Antan Jan Batis te nan prizon, li tande pale travay Kris la t'ap fè. Li voye kèk patizan pa l' ale mande Jezi: 3Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt? 4Jezi reponn yo: Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè: 5Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la. 6Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche. 7Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non. 8Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo. 9Manyè di m' kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. 10Men sa ki te ekri sou Jan: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. Li va louvri chemen an devan pou ou. 11Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l'. 12Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l'. 13Anvan Jan Batis te rive, tout pwofèt yo ansanm ak lalwa Moyiz la te pale sou Peyi Bondye a. 14Si nou vle kwè l': Jan Batis se Eli ki te gen pou vini an. 15Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. 16Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l' konsa: 17Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye. 18Jan Batis vini, li pa manje, li pa bwè, yo di li gen yon move lespri sou li. 19Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon. 20Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l' te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pa t' tounen vin jwenn Bondye. 21Li di yo: Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye. 22Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. 23Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jòdi a. 24Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo. 25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. 26Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. 27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li. 28Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. 29Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. 30Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

¿Sabías que…?
La pregunta de Juan y las ciudades que no se arrepintieron
- Desde la cárcel, Juan envió a sus discípulos a preguntar si Jesús era el que había de venir. Jesús dijo a las multitudes que Juan era más que un profeta —el mensajero enviado por delante para preparar el camino— y, si estaban dispuestos a aceptarlo, el Elías que había de venir. Un diccionario bíblico llama a Juan el precursor y dice que su misión ya era objeto de profecía, citando Isaías 40:3 y Malaquías 3:1; también presenta a Elías como el Elías del Nuevo Testamento.Fuentes: el propio texto bíblico · John the Baptist · Elijah
- Luego Jesús denunció a Corazín, Betsaida y Capernaúm, donde se había hecho la mayor parte de sus milagros, porque no se arrepintieron. Un diccionario identifica Corazín con la actual Kerazeh, a unas dos millas y media subiendo el uadi Kerazeh desde Capernaúm, y dice que Capernaúm, ausente del Antiguo Testamento, llegó a ser la propia ciudad de Jesús después de que dejó Nazaret. Sitúa Betsaida en el lado oriental del lago, dos millas río Jordán arriba, en Gaulanítide, ampliada por Felipe el tetrarca y llamada Julias por la hija del emperador, aunque algunos han supuesto que hubo una sola Betsaida, cerca de donde el Jordán entra en el lago.Fuentes: el propio texto bíblico · Chorazin · Capernaum · Bethsaida
- Contrastó esas ciudades con Tiro y Sidón, de las que dijo que se habrían arrepentido hace mucho, en cilicio y ceniza, y con Sodoma, de la que dijo que habría permanecido hasta hoy. Sidón, en la costa del Mediterráneo, a unas veinticinco millas al norte de Tiro, era la ciudad fenicia más antigua de allí y la ciudad madre de Tiro. Un diccionario afirma que el comercio del mundo entero se reunía en los almacenes de Tiro y que Sodoma, en el valle de Sidim, fue destruida por fuego del cielo de modo tan completo que no se ha hallado rastro de ella.Fuentes: el propio texto bíblico · Sidon · Tyre · Sodom
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 1
- Sidon · Hoy: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículos 21, 22
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 21, 22
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org