Lucas 16
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo. 2Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. 3Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite! 4Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo. 5Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? 6Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. 7Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven. 8Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. 9Jezi di yo ankò: Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an. 10Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis. 11Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? 12Si ou pa t' sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a? 13Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. 14Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan. 15Lè sa a Jezi di yo: Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè. 16Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li. 17Men, l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li. 18Si yon nonm kite ak madanm li pou l' marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou. 19Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. 20Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. 21Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. 22Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. 23Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. 24Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. 25Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. 26Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou. 27Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. 28Mwen gen senk frè. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. 29Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. 30Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. 31Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

¿Sabías que…?
Riqueza, dos amos y Lázaro
- En las palabras de Jesús sobre el rico y Lázaro, el rico clama: 'Padre Abraham', y Abraham responde: 'Hijo'. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) explica el nombre Abraham como 'Padre de una multitud' y lo describe como heredero de las promesas.Fuentes: el propio texto bíblico · Abraham
- Hablando a los fariseos, que se burlaban de él, Jesús dice que la Ley y los Profetas fueron proclamados hasta Juan, y que desde entonces se predica el evangelio del reino de Dios. El Diccionario Bíblico de Easton (1897) llama a Juan el Bautista 'precursor de nuestro Señor', afirma que su misión fue objeto de profecía, entre ellas Isaías 40:3 y Malaquías 3:1, y declara que su nacimiento ocurrió seis meses antes del de Jesús.Fuentes: el propio texto bíblico · John the Baptist
- A un administrador acusado de desperdiciar los bienes de su señor se le ordena rendir cuentas y dejar el puesto. Hace que los deudores reescriban sus cuentas, reduciendo cien medidas de aceite de oliva a cincuenta y cien medidas de trigo a ochenta, y el señor elogia al administrador deshonesto porque había actuado con astucia. Jesús dice entonces que ningún siervo puede servir a dos amos, y que nadie puede servir al mismo tiempo a Dios y al dinero.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org