Nations Bible

Lamentaciones 5

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye! 2Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo. 3Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo. 4Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule. 5N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo. 6Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri. 7Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè. 8Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo. 9Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a. 10Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife. 11Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo. 12Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo. 13Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa. 14Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò. 15Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou! 16Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou. 17Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye, 18paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la. 19Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba. 20Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò! 21Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non! 22Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

Una oración de restauración y la desolación de Sion

  • El monte Sion, una de las colinas prominentes de Jerusalén donde el rey David estableció en su momento su ciudadela, se describe en este capítulo como completamente desolado, en tal estado de abandono que los zorros merodean por él.Fuentes: el propio texto bíblico · Mount Zion
  • El capítulo ilustra el colapso de las estructuras sociales y cívicas cotidianas, señalando que los ancianos han dejado la puerta de la ciudad, los jóvenes han cesado su música para trabajar en molinos y necesidades básicas como el agua y la leña ahora deben comprarse.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 6
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 6
  • Zion · Hoy: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 11
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · versículo 18

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.