Josué 5
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivaj gwo lanmè Mediterane a vin konnen Seyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouraj yo devan pèp Izrayèl la. 2Lè sa a, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: -Pran wòch dife, kase yo fè zenglen pou sikonsi gason pèp Izrayèl ki fèt nan dezè a. 3Se konsa, Jozye fè yon bann zenglen wòch byen file, li sikonsi tout gason pèp Izrayèl la yon kote yo rele Bit po ti kòk. 4Li te fè sa paske tout gason ki te gen laj pou yo pote zam lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri nan dezè a pandan yo t'ap vwayaje a. 5Tout gason ki te vivan lè yo te soti kite peyi Lejip la te sikonsi. Men, ankenn nan gason ki te fèt pandan yo t'ap vwayaje nan dezè a pa t' ankò sikonsi. 6Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a. 7Men, li ba yo pitit pou ranplase yo. Se pitit sa yo Jozye te sikonsi paske yo pa t' sikonsi yo lè yo t'ap vwayaje nan dezè a. 8Lè li fin sikonsi tout gason yo, tout pèp la rete la kote yo te moute tant yo a, jouk yo te geri. 9Apre sa, Seyè a di Jozye konsa: -Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l' jete. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal jouk jòdi a. 10Antan pèp Izrayèl la te rete Gilgal nan plenn ki toupre lavil Jeriko, yo fete Fèt Delivrans lan nan aswè katòzyèm jou premye mwa a. 11Nan denmen Fèt Delivrans lan, yo manje manje yo rekòlte nan peyi a: grenn ble griye ak pen kwit san ledven. 12Apre sa, laman lan sispann tonbe. Depi lè sa a, pèp Izrayèl la pa jwenn laman pou yo manje ankò. Pandan tout lanne a yo manje manje yo te rekolte nan peyi Kanaran an. 13Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi? 14Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou? 15Kòmandan an chèf lame Seyè a di l' konsa: -Wete sapat nan pye ou. Kote ou kanpe a se yon kote ki apa pou Bondye. Epi Jozye fè sa li di l' fè a.

¿Sabías que…?
Renovación de la Alianza y el Comandante del Ejército del Señor
- Durante los cuarenta años de peregrinación por el desierto, la generación de israelitas nacida en el camino no había sido circuncidada. Tras cruzar el Jordán, Josué realizó el rito en Gabaat-ha-aralot, cerca de Gilgal, utilizando cuchillos de pedernal, marcando la renovación del pacto y la eliminación del oprobio de Egipto.Fuentes: el propio texto bíblico · Gilgal · Gibeath-haaraloth
- Los israelitas celebraron la Pascua en las llanuras de Jericó el día catorce del mes. Al día siguiente de comer grano tostado y panes sin levadura del fruto de la tierra de Canaán, el maná milagroso cesó de caer.Fuentes: el propio texto bíblico · Jericho · Canaan
- Cerca de Jericó, Josué encontró a un hombre con una espada desenvainada que se identificó como el comandante del ejército del Señor en lugar de tomar partido. Josué se postró rostro en tierra con reverencia y se le ordenó quitarse las sandalias, pues el lugar en que estaba era santo.Fuentes: el propio texto bíblico · Joshua · Jericho
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 1
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 4, 5, 6, 9
- Jericho · Hoy: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículos 10, 13
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 12
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org