Josué 3
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Jozye leve granmaten, epi li menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la yo kite Sitim kote yo te ye a, yo rive devan larivyè Jouden an. Epi yo pase nwit lan la anvan yo janbe lòt bò a. 2Twa jou apre sa, chèf yo mache nan tout kan an. 3Yo t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo: -Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo. 4Se konsa n'a konnen ki wout pou nou pran, paske nou poko janm pase bò isit la. Men, piga nou pwoche twò pre Bwat Kontra a. N'a kite yon distans senksan (0500) mèt konsa ant li ak nou. 5Apre sa, Jozye di pèp la: -Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske denmen Seyè a pral fè mèvèy devan je nou. 6Jozye pale ak prèt yo, li di yo: -Pran Bwat Kontra a, epi pran devan pèp la sou wout la. Prèt yo pran Bwat Kontra a, epi yo pran devan pèp la. 7Seyè a di Jozye konsa: -Sa mwen pral fè jòdi a pral fè tout pèp Izrayèl la respekte ou tankou yon grannèg. Yo pral konnen mwen kanpe la avè ou menm jan mwen te kanpe avèk Moyiz. 8Ou menm, pase prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd sa a. Di yo lè y'a rive bò rivyè a, y'a antre nan dlo a, epi y'a rete toupre rivaj la. 9Lè sa a, Jozye di moun pèp Izrayèl la: -Pwoche non: Vin tande sa Seyè a, Bondye nou an, gen pou di nou. 10Lèfini, Jozye di yo konsa: -Jòdi a, nou pral konnen Seyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo. 11Bwat Kontra Mèt tout latè a pral janbe lòt bò larivyè Jouden an anvan nou. 12Chwazi douzòm, yonn nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 13Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Seyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a. 14Se konsa, pèp la leve, yo kite kote yo te ye a. Yo pati pou janbe lòt bò larivyè Jouden an. Prèt yo pran devan pèp la avèk Bwat Kontra a. 15Se te sezon rekòt, rivyè a t'ap desann, li te gonfle moute sou tout rivaj la. Lè prèt ki t'ap pote Bwat Kontra a rive bò larivyè Jouden an, yo mete pye yo nan dlo a. 16Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko. 17Pandan pèp la t'ap janbe lòt bò san tak dlo pa mouye pye yo, prèt yo te rete kanpe nan mitan larivyè a avèk Bwat Kontra a. Pa t' gen tak dlo kote yo te ye a. Yo rete kanpe la jouk tout pèp la te fin pase nèt.

¿Sabías que…?
El cruce del río Jordán
- El relato bíblico señala que el Jordán se desbordaba por todas sus riberas durante la época de la cosecha, lo que hacía del cruce un desafío extraordinario. El flujo del agua se detuvo río arriba hasta la ciudad de Adán, cerca de Saretán (unos 50 kilómetros al norte), cortando las aguas que bajaban hacia el Mar Salado.Fuentes: el propio texto bíblico · Zarethan · Salt Sea
- Los sacerdotes levitas que llevaban el arca del pacto iban al frente hacia el Jordán, y se ordenó al pueblo mantener una distancia de unos dos mil codos. Los sacerdotes permanecieron firmes en tierra seca en medio del cauce del río hasta que toda la nación terminó de cruzar frente a Jericó.Fuentes: el propio texto bíblico · Jericho
- Tras haber servido como ministro de Moisés durante la travesía por el desierto, Josué fue confirmado como líder de Israel ante todo el pueblo mediante este cruce, cumpliéndose la promesa divina de estar con él tal como estuvo con Moisés.Fuentes: el propio texto bíblico · Joshua · Moses
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 1, 8, 11, 13, 14, 15, 17
- Jericho · Hoy: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · versículo 16
- Salt Sea · Hoy: Dead Sea · 31.500, 35.500 · versículo 16
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org