Nations Bible

Josué 23

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li. 2Li fè rele tout pèp Izrayèl la, tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo, tout notab nan peyi a, li di yo: -Koulye a mwen fin granmoun! 3Nou te wè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t'ap kenbe tèt ak nou. Se Seyè a, Bondye nou an, ki t'ap goumen pou nou. 4Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche. 5Seyè a, Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l'ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la. 6Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l'. 7Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondye yo. Pa fè sèvis pou yo. 8Se Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l' jouk jounen jòdi a. 9Seyè a te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pesonn pa t' kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a. 10Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la. 11Atansyon wi! Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. 12Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo, 13nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou. 14Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Seyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre. 15Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an. 16Si nou pa respekte kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n' al adore lòt bondye, si n' al fè sèvis pou yo, Seyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Discurso de Despedida de Josué

  • En su vejez, después de que Israel disfrutó de un período de descanso de sus enemigos, Josué convocó a los ancianos, líderes, jueces y oficiales de Israel. Les instó a mantenerse firmes y cumplir fielmente todo lo escrito en el Libro de la Ley de Moisés.Fuentes: el propio texto bíblico · Joshua · Moses
  • El territorio asignado a las tribus se extendía desde el río Jordán hacia el occidente hasta el Gran Mar, nombre antiguo del mar Mediterráneo. Josué advirtió a Israel que no hiciera alianzas, contrajera matrimonio ni adorara a los dioses de las naciones que aún permanecían en la región.Fuentes: el propio texto bíblico · Jordan · Great Sea
  • Josué enfatizó la fidelidad al pacto, señalando que así como ninguna de las buenas promesas de Dios había fallado, quebrantar el pacto y servir a otros dioses traería inevitablemente la ruina y la pérdida de la tierra.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Great Sea · Hoy: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · versículo 4
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 4

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.