Job 42
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Men sa Jòb reponn Seyè a: 2-Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè. 3Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen. 4Ou te mande m' pou m' koute sa w'ap di m', pou m' pare pou m' reponn ou. 5Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen. 6Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon. 7Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan. 8Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la. 9Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a. 10Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an. 11Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò. 12Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (014.000) mouton, simil (06.000) chamo, demil (02.000) tèt bèf ak mil (01000) manman bourik. 13Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi. 14Li rele pi gran pitit fi a Jemina, dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn apouk. 15Nan tout peyi a pa t' gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l' yo ansanm ak frè yo. 16Apre sa, Jòb viv jouk li rive gen sankarantan sou tèt li. Li wè pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo, jouk rive sou kat jenerasyon. 17Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.

¿Sabías que…?
La Restauración y Bendición de Job
- Dios ordenó a Elifaz, Bildad y Zofar que ofrecieran siete novillos y siete carneros en holocausto y pidieran la intercesión de Job, pues no habían hablado de Él con rectitud. El Señor aceptó la oración de Job por sus amigos y restauró su prosperidad tras interceder por ellos.Fuentes: el propio texto bíblico · Bildad · Zophar
- Las hijas de Job nacidas tras su prueba recibieron nombres descriptivos: Jemima significa paloma, y Keren-hapuc significa frasco de afeite o caja de cosméticos. Job otorgó a estas hijas una herencia entre sus hermanos varones.Fuentes: el propio texto bíblico · Jemima · Keren-happuch
- Tras sus aflicciones, los hermanos, hermanas y conocidos de Job se reunieron en su casa para consolarlo, obsequiándole cada uno una pieza de plata y un anillo de oro. Job vivió ciento cuarenta años más, vio cuatro generaciones de descendientes y murió en avanzada edad.Fuentes: el propio texto bíblico · Job
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org