Nations Bible

Job 2

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo. 2Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade. 3Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'. 4Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri. 5Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou. 6Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen. 7Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li. 8Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'. 9Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini! 10Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye. 11Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj. 12Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn. 13Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La Aflicción de Job y la Llegada de Sus Amigos

  • En el texto hebreo de Job, el término traducido como Satanás aparece con el artículo definido como el adversario o acusador. En este segundo concilio celestial, el adversario argumenta que, aunque Job soportó la pérdida de sus bienes y familia, herir su carne y sus huesos lo llevaría a abandonar su integridad.Fuentes: Satan · el propio texto bíblico
  • Los compañeros de Job —Elifaz temanita, Bildad suhita y Zofar naamatita— vinieron de regiones distantes asociadas con Arabia. El origen de Bildad se vincula con Súa, hijo de Abraham con Cetura, mientras que la antigua versión griega Septuaginta conecta a Zofar con los mineos del sur de Arabia.Fuentes: Bildad · Zophar · el propio texto bíblico
  • Al ver el intenso sufrimiento de Job, sus tres amigos rasgaron sus mantos, arrojaron polvo al aire sobre sus cabezas y se sentaron con él en el suelo en completo silencio durante siete días y siete noches. Esta vigilia compartida reflejaba antiguas costumbres de duelo profundo cuando el dolor superaba las palabras.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.