Job 16
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa: 2-Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo. 3Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun! 4Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou. 5M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje. 6Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga. 7Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'. 8Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'. 9Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'! 10Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt. 11Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo. 12Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li. 13L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò. 14Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè. 15Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn. 16Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa. 17Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. 18Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye! 19Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen. 20Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye. 21Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'. 22M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.

¿Sabías que…?
La agonía de Job y su apelación a un testigo celestial
- Job reprende a sus compañeros llamándolos consoladores molestos cuyos discursos no traen alivio. Para expresar la profundidad de su humillación y duelo, menciona haberse cosido cilicio sobre la piel y haber enterrado su cuerno en el polvo, usando el cuerno como un antiguo símbolo de fuerza, honor y dignidad.Fuentes: el propio texto bíblico
- A pesar de sufrir una angustia física y emocional devastadora rodeado de amigos que se burlan de él, Job insiste en que sus manos están libres de violencia y su oración es pura. Mirando más allá de sus acusadores terrenales, expresa su confianza en que tiene un testigo y defensor en las alturas para interceder por él.Fuentes: el propio texto bíblico · Job
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org