Nations Bible

Job 14

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka! 2Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase. 3Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'? 4Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun. 5Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje. 6Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo. 7Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri. 8Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch, 9depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl. 10Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè. 11Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule. 12Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a. 13Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò. 14Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò. 15Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan. 16Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal. 17Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete. 18Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann. 19Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun. 20Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale. 21Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen. 22Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

La Fragilidad de la Vida y la Esperanza de Renovación

  • En este discurso, Job contrasta el destino de los mortales con el de un árbol. Mientras que un árbol cortado puede volver a brotar ante el olor del agua aun cuando su tronco parezca muerto, el ser humano muere, yace y no vuelve a levantarse en esta tierra.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Job contempla el Seol como un posible refugio donde podría esconderse hasta que pase la ira divina, imaginando un anhelo en el que Dios sellaría sus transgresiones en una bolsa y llamaría a la obra de Sus manos.Fuentes: el propio texto bíblico
  • Para ilustrar la brevedad y el desgaste de la existencia humana, el capítulo recurre a metáforas naturales de erosión y fugacidad, comparando la vida con una sombra pasajera, una flor marchita y rocas desgastadas por el agua.Fuentes: el propio texto bíblico

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.