Juan 7
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pa t' vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li. 2Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive. 3Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè. 4Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou. 5(Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.) 6Jezi di yo konsa: Lè pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon. 7Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon. 8Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lè pa m' lan poko rive. 9Apre li fin di yo sa, li rete rete l' nan peyi Galile. 10Apre frè l' yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pa t' kite pesonn wè li. 11Jwif yo menm t'ap chache l' pandan tout fèt la. Yo t'ap di: Kote l' ye konsa? 12Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun. 13Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo. 14Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale. 15Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl. 16Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan. 17Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale. 18Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li. 19Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen? 20Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a? 21Jezi reponn yo: Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa! 22Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kòmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.) 23Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankòlè sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kò l', yon jou repo. 24Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat. 25Lè sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di: Apa nonm y'ap chache touye a? 26Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l' anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye! 27Men, yo toujou di lè Kris la va rive, pesonn p'ap konnen ki bò l' soti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l' soti. 28Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li. 29Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen. 30Lè sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lè l' pa t' ankò rive. 31Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a? 32Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi. 33Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan. 34N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a. 35Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay? 36L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm? 37Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. 38Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. 39(Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.) 40Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la! 41Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile. 42Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a. 43Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi. 44Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li. 45Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou? 46Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a. 47Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou? 48Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li? 49Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon! 50Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa: 51Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè. 52Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile. 53Apre sa, tout moun al lakay yo.

¿Sabías que…?
Jesús en la Fiesta de los Tabernáculos
- Al acercarse la Fiesta judía de los Tabernáculos, una fiesta de siete días, Jesús se quedó en Galilea y evitó Judea, donde buscaban matarlo. En su tiempo, Judea era la más meridional de las tres divisiones romanas de Palestina, distinta de Galilea y Samaria; después subió a la fiesta en secreto y enseñó en los atrios del templo.Fuentes: el propio texto bíblico · Feast of Tabernacles · Judea
- La multitud estaba dividida sobre el lugar de donde vendría el Cristo. Algunos decían que la Escritura lo ubica en el linaje de David y en Belén, la aldea donde vivió David, el octavo y más joven hijo de Isaí; otros objetaban que no podía venir de Galilea, una región llamada desde hacía tiempo Galilea de los gentiles, y los fariseos insistían en que ningún profeta sale de allí.Fuentes: el propio texto bíblico · David · Galilee
- Nicodemo, fariseo y miembro del Sanedrín, había ido antes a Jesús de noche. Cuando los guardias enviados a arrestar a Jesús volvieron sin él, Nicodemo protestó y preguntó si su ley condenaba a un hombre antes de oírlo y de averiguar qué había hecho.Fuentes: el propio texto bíblico · Nicodemus
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículos 1, 3, 9, 41, 52
- Judea · Hoy: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 1, 3
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 25
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículo 42
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org