Nations Bible

Juan 10

Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.

1Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè. 2Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye. 3Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò. 4Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li. 5Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li. 6Jezi di yo parabòl sa a, men yo pa t' konprann sa l' te vle di yo. 7Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo. 8Tout moun ki te vin anvan m' yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pa t' koute yo. 9Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje. 10Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l' an kantite. 11Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo. 12Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo. 13Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l' ak mouton yo? 14-(we vèsè pwochen) 15Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen. 16Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò. 17Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò. 18Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè. 19Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo. 20Anpil jwif t'ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n' bezwen pèdi tan n' ap koute yon nonm konsa fè? 21Gen lòt ki t'ap di: Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg? 22Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. 23Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan. 24Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare. 25Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen. 26Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo. 27Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen. 28Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen. 29Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. 30Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl. 31Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li. 32Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la? 33Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye. 34Jezi reponn yo: Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye. 35Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye. 36Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye? 37Si m' pa fè travay Papa m' ban m' fè a, nou pa bezwen kwè mwen. 38Men, si mwen fè l', menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a. 39Yo t'ap chache ankò pou yo te arete l', men li chape anba men yo. 40Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la. 41Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di: Jan pa t' fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi. 42Anpil moun la te kwè nan Jezi.

Ilustración artística: una interpretación, no un registro histórico.

¿Sabías que…?

El Buen Pastor

  • En la Fiesta de la Dedicación, en Jerusalén, era invierno, y Jesús caminaba por los atrios del templo, en el Pórtico de Salomón. El nombre Jerusalén, en forma dual, significa "posesión de la paz" o "fundación de la paz"; esa forma probablemente se refiere a los montes Sión y Moriah o, como algunos suponen, a la ciudad alta y la ciudad baja. El nombre hebreo de Salomón, Shelomoh, significa "pacífico".Fuentes: el propio texto bíblico · Jerusalem · Solomon
  • Una cronología de los episodios evangélicos sitúa la enseñanza del Buen Pastor en el año 29 d.C. y un tiempo de enseñanza y curación, de Perea a Jerusalén, en el año 30 d.C.Fuentes: The Good Shepherd Teaching · Teaching and Healing in Perea to Jerusalem
  • Jesús volvió entonces al otro lado del Jordán, al lugar donde Juan había comenzado a bautizar, y muchas personas allí creyeron en él. Juan era de linaje sacerdotal: su padre, Zacarías, era sacerdote del turno de Abías, y su madre, Elisabet, era de las hijas de Aarón. Su nacimiento, seis meses antes que el de Jesús, fue anunciado por un ángel; quienes acudían decían que Juan nunca hizo ninguna señal, pero que todo lo que había dicho acerca de Jesús era verdad.Fuentes: el propio texto bíblico · John the Baptist

Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.

Lugares de este capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 22
  • Solomon’s Portico · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 23
  • Jordan · Hoy: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 40

Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos y licencia de esta traducción
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Habla con nosotros

Cuéntanos desde dónde lees, cómo te ha ayudado la Biblia o qué podemos mejorar. Leemos todos los mensajes.